Font Size
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God / Revelation 3:2–5 (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
40 daily Scripture readings that illustrate the character of God and the nature of faith.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Revelasyon 3:2-5
2 Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. 3 Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.
4 Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. 5 Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International