Font Size
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God / 1 John 2:1–6 (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
40 daily Scripture readings that illustrate the character of God and the nature of faith.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
1 Jan 2:1-6
Jezi se avoka nou
2 Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche,[a] nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, konsa l ap defann nou devan Bondye Papa a. 2 Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.
3 Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. 4 Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. 5 Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se konsa nou konnen n ap viv nan li. 6 Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International