Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 87

87 ¶ Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!

Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.

Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:

¶ Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.

Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.

Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.

Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.

Jowèl 3:9-16

¶ Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n' al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!

10 Pran lam fè ki nan chari nou yo fè nepe. Pran kouto digo nou yo, fè fwenn ak yo. Menm moun ki pi fèb yo pral di yo vanyan gason.

11 Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!

12 Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.

13 Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n'ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n'ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde.

14 Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.

15 Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.

16 Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.

1 Piè 5:1-11

¶ Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.

Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.

¶ Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

¶ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.

Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

10 ¶ Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

11 Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.