Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
137 ¶ Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 ¶ Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
16 Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.
17 Mòn Siyon an lonje men l', men, pa gen pesonn pou ba l' kouraj. Seyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l' toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.
18 Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo.
19 Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.
20 Seyè, gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse. Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò. Nan lari y'ap ansasinen mwen. Anndan kay menm, se pa pale!
21 Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.
22 Jije yo pou mechanste yo. Pini yo menm jan ou pini m' pou peche m' yo. M'ap plenn anpil. Kè m' ap fann.
2 ¶ Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.
3 Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans.
4 Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
5 Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.
6 Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.
7 Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Seyè a.
8 Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè.
9 Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.
10 Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb.
11 Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.