Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:97-104

97 ¶ Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

98 ¶ Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.

99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

101 ¶ Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

102 ¶ Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

103 ¶ Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Jeremi 31:15-26

15 Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.

16 Men sa Seyè a di ankò: -Sispann rèl ou yo, Rachèl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi. Y'ap tounen soti nan peyi lènmi yo.

17 Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

18 ¶ Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.

19 Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.

20 Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

21 Mete mak sou tout wout la, plante jalon sou tout chemen an. Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a. Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo, tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.

22 Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.

23 Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.

24 Se sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou.

25 Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.

26 Lè sa a, pèp la va di: M' al dòmi. Lè m' leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen.

Mak 10:46-52

46 ¶ Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time.

47 Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.

48 Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen.

49 Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou.

50 Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi.

51 Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò.

52 Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.