Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:137-144

137 ¶ Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

139 ¶ Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

140 ¶ Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.

141 ¶ Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

142 ¶ Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

143 ¶ Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

Abakouk 2:5-11

¶ Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo.

Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!

Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.

Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.

Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!

10 Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal.

11 Ata wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou.

Jan 8:39-47

39 Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè.

40 Gade koulye a, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m' li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa.

41 Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye.

42 Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.

43 Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.

44 Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.

45 Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.

46 ¶ Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?

47 Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.