Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 117

117 ¶ Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!

Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!

Jeremi 30:18-24

18 ¶ Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.

19 Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.

20 Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo.

21 Se yonn nan nou ki va chèf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chèf va soti pou gouvènen nou. L'a vin jwenn mwen lè m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyè a ki di sa.

22 Lè sa a, se pèp mwen y'a ye ankò, mwen menm m'a Bondye yo.

23 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.

24 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.

Revelasyon 22:8-21

Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li.

Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.

10 Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.

11 Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.

12 Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

13 Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.

14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.

15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.

16 Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.

17 Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.

18 Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.

19 Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.

20 ¶ Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi!

21 Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.