Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pyè ak Jan ansanm ak Gran Konsèy Jwif la
4 Pandan Pyè ak Jan t ap pale ak foul la konsa, yon pakèt lidè Jwif ki te gen kèk prèt ladan yo, kòmandan lagad ki t ap siveye tanp lan ansanm ak kèk Sadiseyen te vin parèt kote yo te ye a. 2 Lidè sa yo te fache anpil dèske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, dèske yo t ap pale pèp la de Jezi epi fè yo konnen moun mouri kapab leve vivan ankò menm jan ak Jezi. 3 Konsa, lidè yo arete Pyè ak Jan epi yo mete yo nan prizon. Kòm solèy te gentan fin kouche, mesye yo pase nuit la nan prizon an pou tann demen. 4 Malgre sa, anpil nan moun ki t ap koute Pyè ak Jan yo te mete konfyans yo nan Jezi. Sa te fè kantite kwayan yo te rive jouk nan senk mil (5,000) konsa.
5 Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm. 6 Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la. 7 Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a.
8 Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la. 9 Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri? 10 Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a. 11 Jezi se
wòch[a] nou te voye jete pou pa bon an,
nou menm ki t ap bati kay la,
men, li tounen wòch kwen an,
wòch ki pi enpòtan an.[b]
12 Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”
Copyright © 2017 by Bible League International