Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pol ak konpanyon l yo
7 Pou sa ki konsène m, Tichik ap pale nou de mwen. Li se yon bon frè byeneme an Kris, yon sèvitè ki merite konfyans, se yon bon konpayon mwen genyen nan sèvis Senyè a. 8 Mwen voye l ban nou toutespre, pou m ka konnen sitiyasyon nou, epi tou, pou l ankouraje kè nou. 9 Mwen voye l ansanm ak Onezim, yon frè ki fidèl anpil. Li se moun lakay nou. Y ap rakonte nou tout sa k ap pase bò isit la.
10 Aristak ki nan prizon ansanm avè m isit la voye salye nou. Mak, kouzen Banabas la, li voye salye nou tou. Se li menm mwen te di pou n resevwa byen si l vin lakay nou. 11 Jezi yo rele Jistis la, li salye nou tou. Se moun sa yo sèlman, pami kwayan Jwif yo, k ap travay ansanm avè m pou wayòm Bondye a. Yo ankouraje m anpil.
12 Epafras, moun lakay nou, voye salye nou. Se yon sèvitè Jezikris ki toujou ap konbat pou nou nan priyè li. Li priye pou n grandi nan lavi n ap mennen pou Kris la epi pou nou ka rive konnen tout sa Bondye vle pou nou, pou n ka toujou kenbe fèm. 13 Mwen rann temwanyaj sa a de li paske li travay di pou nou menm, moun Lawodise ansanm ak moun Yerapolis yo. 14 Demas ansanm ak doktè Lik, bon zanmi nou, voye salye nou.
15 Salye frè ak sè ki nan Lawodise yo pou nou, ansanm avèk Nenfas ak legliz ki lakay li a. 16 Lè nou fin li lèt sa lakay nou, se pou nou fè moun legliz Lawodise yo li l tou. Nou menm, nou va li tout lèt yo va ban nou tou. 17 Di Achip konsa: Pran prekosyon ak travay Senyè a ba li a, pou l ka fè l byen.
Copyright © 2017 by Bible League International