Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
1 Se mwen menm Pòl, apot Jezikris[a] la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.
2 M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.
Avètisman kont fo doktrin
3 Menm jan m te di w deja lè m t ap pati al Masedwàn nan, se pou ou rete nan Efèz. Gen kèk moun nan vil la k ap anseye doktrin ki pa vre, se pou w egzije yo sispann fè sa. 4 Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa. 5 Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè. 6 Gen ladan yo ki gentan rate objektif sa a nan ansèyman y ap bay yo. Konsa, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon ki pa itil ditou. 7 Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa,[b] men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.
8 Nou konnen lalwa se yon bon bagay, si ou sèvi avè l jan sa dwe fèt. 9 Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun. 10 Lalwa fèt pou moun k ap fè peche seksyèl, pou gason k ap fè sèks ak lòt gason osinon, pou moun k ap vann moun pou fè esklav. Li fèt pou moun k ap bay manti, moun k ap fè fo sèman pou twonpe moun, ak tout lòt moun ki kont vrè ansèyman Bondye yo. 11 Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.
Copyright © 2017 by Bible League International