M’Cheyne Bible Reading Plan
5 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri.
3 Wi, se pou nou mete tout moun ki pa nan kondisyon pou sèvi m' yo deyò nan kan an, fanm kou gason, pou yo pa mete kan kote m'ap viv nan mitan pèp mwen an nan kondisyon li pa ka sèvi m'.
4 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo fè sa Seyè a te di Moyiz la. Yo mete tout moun sa yo deyò nan kan kote yo rete a.
5 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
6 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò.
7 Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis vin pou san (20%) lavalè.
8 Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt l' a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l' bay Seyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la.
9 Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan.
10 Tout ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou.
11 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
12 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l' nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l',
13 si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men,
14 osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l' vre, kit li pa fè l',
15 nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.
16 Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a.
17 Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l' nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l' nan dlo a.
18 Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an.
19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou.
20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou,
21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle.
22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!
23 Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l' te ekri a.
24 Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l' ba li gwo doulè nan vant.
25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l' sou lotèl la.
26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l' bay Bondye, l'a boule l' sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Seyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a.
27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l', dlo a va desann nan kò l', l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l' va sèvi pou bay madichon.
28 Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l', l'ap toujou ka fè pitit.
29 Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,
30 osinon lè yon nonm sispèk madanm l' ap twonpe l'. L'a mennen madanm lan devan lotèl Seyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan.
31 Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.
39 ¶ (39:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (39:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
2 (39:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.
3 (39:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:
4 (39:5 -)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.
5 (39:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
6 (39:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
7 ¶ (39:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
8 (39:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.
9 (39:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.
10 (39:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
11 (39:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
12 (39:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
13 (39:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.
3 ¶ Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li.
2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.
3 Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?
4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.
5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle.
6 ¶ Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
7 ¶ Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.
8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.
9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,
10 Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo.
11 Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
3 ¶ Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
2 Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.
3 Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.
4 Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.
5 Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.
6 Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
7 ¶ Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,
8 pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.
9 Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan.
10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo.
11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
12 Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.
13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
14 Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.
15 Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
16 Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.
17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
18 Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.
19 Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.