Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Resansman 8

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.

Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.

Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.

¶ Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:

-Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen.

Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.

Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal.

Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble.

10 Y'a poze men yo sou tèt moun Levi yo.

11 Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen.

12 Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo.

13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo.

14 W'a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale.

15 Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.

16 N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.

17 Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen.

18 Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo.

19 Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.

20 Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo.

21 Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye.

22 Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.

23 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa:

24 -Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.

25 Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan.

26 Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.

Sòm 44

44 ¶ (44:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (44:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.

(44:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.

(44:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.

(44:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.

(44:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.

(44:7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.

(44:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.

(44:9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.

¶ (44:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.

10 (44:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.

11 (44:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.

12 (44:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.

13 (44:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.

14 (44:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.

15 (44:16) -(we vèsè pwochen)

16 (44:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.

17 ¶ (44:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.

18 (44:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.

19 (44:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.

20 (44:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,

21 (44:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?

22 (44:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.

23 (44:24) Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!

24 (44:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?

25 (44:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.

26 (44:27) Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!

Chante Salomon 6

¶ Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'.

Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè.

Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.

¶ Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!

Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.

Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.

De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.

Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.

Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.

10 Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!

11 ¶ Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.

12 Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.

13 Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n' ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k'ap danse nan mitan de ran moun?

Ebre 6

¶ Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye.

Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a.

Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa.

Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.

Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an.

Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.

Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li.

Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l' madichon. Lè sa a, yo ka boule li.

¶ Nou mèt wè m' ap pale konsa, frè m' yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an.

10 Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou.

11 Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre.

12 Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

13 Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.

14 Li te di: Mwen pwomèt ou pou m' beni ou, pou m' ba ou anpil anpil pitit pitit.

15 Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a.

16 Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt.

17 Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.

18 Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.

19 Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

20 Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.