M’Cheyne Bible Reading Plan
19 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Pale ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa.
3 Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
4 Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
5 Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Seyè a mèsi, se pou nou fè l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou.
6 Se pou nou manje vyann bèt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyèm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l'.
7 Paske si nou manje l' sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.
8 Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fè a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pèp mwen an.
9 Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè.
10 Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
11 ¶ Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.
12 Piga nou pran non m' pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
13 Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.
14 Piga ou madichonnen moun soud. Piga ou mete ankenn bagay sou chemen moun avèg pou fè yo tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a!
15 Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
16 Pa mache bay manti sou moun menm ras avèk nou. Piga nou kanpe pou fè yo touye san rezon yon moun menm ras avèk nou. Se mwen menm ki Seyè a!
17 Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
18 Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
19 ¶ Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.
20 Lè yon moun te gen tan pwomèt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lòt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libète l', si li kouche fi a, se pou yo peni yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou.
21 Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l' bay Seyè a pou peye pou sa l' fè a.
22 Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l' mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l' sa.
23 Le n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la.
24 Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyè a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans.
25 Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
26 Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè.
27 Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,
28 piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!
29 Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal.
30 ¶ Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyè a!
31 Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
32 Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
33 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.
34 Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
35 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.
36 N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
37 Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyè a!
23 ¶ Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
3 Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
4 Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.
6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
24 ¶ Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.
3 ¶ Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
4 Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
5 Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.
6 Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
7 ¶ Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
8 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.
9 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
10 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
2 ¶ Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen!
2 Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen!
3 Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m' nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m': Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.
4 Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen.
5 Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo.
6 Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo.
7 Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm.
8 Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.
9 Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen.
10 Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen.
11 Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
12 ¶ Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l' yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou.
13 Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, pito ou gen konprann pase ou pa genyen.
14 Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.
15 Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen!
16 Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.
17 ¶ Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.
18 Tout travay mwen te fè sou latè pa di m' anyen ankò, paske mwen konnen mwen gen pou m' kite yo pou sa k'ap vin dèyè.
19 Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.
20 Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'.
21 Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm.
22 Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?
23 Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.
24 Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.
25 Paske, san Bondye, ki moun ki ka manje? Ki moun ki ka bwè.
26 Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
4 ¶ Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
2 Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.
3 Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.
4 Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.
5 Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.
6 ¶ Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.
7 Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.
8 Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.
9 Sa se yon pawòl ki sèten, tout moun te dwe asepte l', yo tout te dwe kwè li.
10 Se poutèt sa ou wè n'ap travay di, n'ap goumen konsa. Paske, nou mete tout espwa nou nan Bondye vivan an k'ap sove tout moun, espesyalman moun ki gen konfyans nan li.
11 Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv.
12 Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
13 Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.
14 Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou.
15 Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.
16 Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.