M’Cheyne Bible Reading Plan
2 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 -Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre l 3 ¶ Tout moun k'ap mache anba l 4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (74.600) gason nan divizyon sa a.
5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.
6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (54.400) gason nan divizyon sa a.
7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.
8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (57.400) gason nan divizyon sa a.
9 Konsa, anba l 10 Tout moun k'ap mache anba l 11 Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (46.500) gason nan divizyon sa a.
12 Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a.
13 Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (59.300) gason nan divizyon sa a.
14 Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a.
15 Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (45.600) gason nan divizyon sa a.
16 Konsa, anba l 17 Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba l 18 Tout moun k'ap mache anba l 19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan divizyon sa a.
20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a.
21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (32.200) gason nan divizyon sa a.
22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a.
23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (35.400) gason nan divizyon sa a.
24 Konsa, anba l 25 Tout moun k'ap mache anla l 26 Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (62.700) gason nan divizyon sa a.
27 Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a.
28 Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (41.500) gason nan divizyon sa a.
29 Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a.
30 Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (53.400) gason nan divizyon sa a.
31 Konsa, anba l 32 Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason antou.
33 Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
34 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba l
36 ¶ (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
2 (36:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
3 (36:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
4 (36:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
5 ¶ (36:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
6 (36:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
7 (36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
8 (36:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
9 (36:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
10 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
11 (36:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.
12 (36:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
12 ¶ Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi.
2 Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gen tan mare ankò.
3 Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm koulye a ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè.
4 De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve.
5 W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.
6 Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.
7 Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
8 ¶ Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen.
9 Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.
10 Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.
11 Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
12 Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.
13 ¶ Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.
14 Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.
1 ¶ Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,
2 pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.
3 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
4 Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou.
5 Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.
6 M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.
7 Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil.
8 ¶ Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,
9 m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,
10 m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m' la nan prizon an.
11 Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen.
12 M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen.
13 M' ta byen renmen kenbe l' bò kote m', pou l' te ka sèvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvèl la.
14 Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.
15 Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.
16 Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a.
17 Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.
18 Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen.
19 Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi.
20 Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.
21 Se paske mwen konnen w'ap fè sa m' mande ou la ki fè m' ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m' mande ou la.
22 An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, mkwè Bondye va tande nou, la fè m' favè vin jwenn nou ankò.
23 Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.
24 Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.
25 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.