M’Cheyne Bible Reading Plan
24 ¶ Abraram te fin vye. Li te antre nan granmoun. Seyè a te beni Abraram nan tout bagay.
2 Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.
3 Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
4 Men, se nan peyi pa m' pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m' lan.
5 Domestik la mande l': -Kisa pou m' fè si fi a pa vle kite peyi l' pou l' vin avè m' nan peyi sa a? Eske se pou m' mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te soti a?
6 Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a!
7 Seyè a, Bondye syèl la, te pran m' fè m' soti lakay papa m' ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m'. Li fè m' sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m' lan.
8 Si madanm lan pa vle vin avè ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m' lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m' lan laba a.
9 Domestik la mete men l' nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l' fè sa l' mande l' fè a.
10 ¶ Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
11 Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti medam yo tè konn vin tire dlo.
12 Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen.
13 Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo.
14 Mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m' bwè lèfini l'ap bay chamo m' yo bwè tou, lè m'a di l': Tanpri, bese krich ou a ban m' ti gout dlo pou m' bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre.
15 Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan.
16 Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute soti deyò.
17 Domestik la kouri al jwenn li, li di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a non.
18 Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè.
19 Lè nonm lan fin bwè, jenn fi a di l': -Mwen pral pran dlo pou chamo ou yo, pou yo ka bwè kont yo tou.
20 Li prese vide rès dlo krich la nan yon ti basen pou chamo yo bwè, epi li kouri desann nan sous la al chache dlo jouk tout chamo yo fin bwè kont yo.
21 Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l' pa di anyen, li t'ap tann pou l' wè si Seyè a pa t' fè l' vwayaje pou gremesi.
22 Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
23 Epi li mande l': -Pitit ki moun ou ye? Tanpri, di m' non. Eske gen kote lakay papa ou pou m' pase nwit la avèk chamo m' yo?
24 Jenn fi a reponn: -Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò.
25 Li di l' anko: -Lakay nou, nou gen kont pay zèb pou chamo ou yo. Wa jwenn kote pou ou pase nwit la tou.
26 Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.
27 Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an.
28 Jenn fi a kouri lakay manman l'. Li rakonte tout sa ki te rive.
29 ¶ Rebeka te gen yon frè yo rele Laban. Laban kouri deyò al jwenn nonm lan bò sous la.
30 Li te wè zanno a nan nen sè li ak braslè yo nan bra l', li te tande l' ap rakonte sa nonm lan te di l'. Lamenm li al jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo l' yo.
31 Laban di l': -Antre non. Ou se yon nonm Seyè a beni. Poukisa ou rete deyò a konsa? Mwen pare yon kote pou ou nan kay la. Gen plas pou chamo ou yo tou.
32 Nonm lan antre nan kay la. Laban desele chamo yo. Li fè ba yo pay ak zèb. Yo pare dlo pou nonm lan lave pye l', ansanm ak moun ki te avè l' yo.
33 Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di: -Anvan m' manje, se pou m' di sa m' gen pou m' di a. Laban di l': -Bon. Pale non.
34 Msye pran lapawòl, li di: -Mwen se domestik Abraram.
35 Seyè a voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l' vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik.
36 Sara, madanm mèt mwen, te fin vye granmoun lè li te resi fè yon pitit gason pou li. Mèt mwen bay pitit sa a tout sa li genyen.
37 Mèt mwen fè m' fè sèman, li di m' piga m' chwazi yon madanm pou pitit gason l' lan nan medam moun peyi Kanaran kote l' rete a.
38 Men se pou m ale lakay papa l' pou mwen chwazi yon madanm nan ras li pou pitit gason l' lan.
39 Lè sa a, mwen di mèt mwen: Bon, si fi a pa vle vini avè m', kisa pou m' fè?
40 Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan.
41 Si ou fè sa, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan. Konsa tou, si ou rive kay fanmi m', si yo menm yo refize, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan tou.
42 Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.
43 Gade, m'ap rete kanpe bò sous dlo a. Lè m'a wè yon jenn fi k'ap vin chache dlo nan pi a, m'a va di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a pou m' bwè. Si li reponn mwen:
44 Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an.
45 Mwen pa t' menm fin di pawòl sa yo nan kè m', lè m' wè Rebeka rive ak krich li sou zepòl li. Li desann nan sous la, li pran dlo epi mwen di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.
46 Lamenm, li desann krich la soti sou zepòl li, li di m': Bwè non. Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou. Mwen bwè, epi li bay chamo m' yo bwè tou.
47 Mwen mande l': Pitit ki moun ou ye? Li reponn mwen: Mwen se pitit fi Betwèl, pitit gason Milka ak Nakò. Lè sa a, mwen mete zanno a nan nen l', mwen mete braslè sa yo nan bra l'.
48 Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Seyè a, mwen fè lwanj Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m' tout dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l' lan.
49 Alèkile, si nou vle aji byen avè l', si nou vle fè l' konfyans, fè m' konnen. Si nou pa dakò, fè m' konnen tou, pou m' ka konnen sa pou m' fè.
50 Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa.
51 Men Rebeka devan ou, pran li, mennen l' ale pou l' vin madanm pitit gason mèt ou a, jan Bondye te di l' la.
52 Lè domestik Abraram lan tande sa, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.
53 Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
54 ¶ Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di: -Kite m' tounen al jwenn mèt mwen.
55 Men, frè a avèk manman an di konsa: -Kite fi a pase dis jou ankò avèk nou non. Apre sa, n'a pati.
56 Li reponn yo: -Pa ban m' reta. Seyè a pa fè m' vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m' al jwenn mèt mwen.
57 Yo di l': -Bon. Ann rele fi a. Ann mande l' sa l' di nan sa.
58 Yo rele Rebeka, yo mande l': -Eske ou vle ale ak nonm sa a? Li reponn: -Wi, mwen vle ale.
59 Se konsa yo kite Rebeka, sè yo a, ansanm ak bòn ki te nouris li a pati avèk domestik Abraram lan, ansanm ak moun ki te vin avè l' yo.
60 Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.
61 Apre sa, Rebeka avèk tout sèvant li yo leve, yo moute chamo yo, yo pati avèk nonm lan. Domestik la pran l', li pati ak li.
62 ¶ Lè sa a, Izarak te vini nan dezè a, bò kote Pi moun vivan ki wè m' lan. Li te rete nan peyi Negèv.
63 Yon jou swa, Izarak t'ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t'ap kalkile. Li leve je l', li gade, li wè kèk chamo ki t'ap vini.
64 Menm lè a tou, Rebeka leve je l', li wè Izarak. Li desann chamo a.
65 Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.
66 Domestik la rakonte Izarak tout sa li te fè.
67 Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.
23 ¶ Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo:
2 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.
3 Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.
4 Yo mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p'ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la.
5 Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!
6 Yo renmen pi bon plas nan reseptyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg.
7 Yo renmen pou moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik, pou moun rele yo: Mèt, Mèt.
8 Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.
9 Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.
10 Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.
11 Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an.
12 Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
13 ¶ Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.
15 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.
16 Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.
17 Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?
18 Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lòtèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l' sèmante sou ofrann ki sou lòtèl la, se pou l' kenbe pawòl li.
19 Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?
20 Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lòtèl la, li sèmante sou lòtèl la ansanm ak tou sa ki sou li.
21 Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan.
22 Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fotèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fotèy la.
23 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
24 Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal!
25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.
27 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
28 Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.
29 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo.
30 Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo.
31 Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.
32 Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a.
33 Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?
34 ¶ Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
35 Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
36 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k'ap viv koulye a pou tout krim sa yo.
37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!
38 Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.
39 Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.
13 ¶ Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.
2 Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrè, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fè tou, li vire madichon an, li fè l' tounen benediksyon.
3 Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.
4 Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija.
5 Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.
6 Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalèm paske, lè wa Atagzèsès te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote l'. Kèk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankò,
7 epi m' tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou tanp Bondye a pou l' te bay Tobija rete.
8 Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.
9 Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.
10 ¶ Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.
11 Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo.
12 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.
13 Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon direktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo.
14 Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!
15 ¶ Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.
16 Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.
17 Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!
18 Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!
19 Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.
20 Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.
21 Mwen avèti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou. Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.
22 Mwen bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!
23 ¶ Se lè sa a tou, mwen vin wè te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdòd, moun peyi Amon osinon moun peyi Moab.
24 Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pa t' konn pale lang nou an.
25 Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
26 Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l' fè sa ki mal.
27 Koulye a nou ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medam ki moun lòt nasyon?
28 Jojada te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l' deyò pou m' pa janm wè l' devan je m' ankò.
29 O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
30 Mwen te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.
31 Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!
23 ¶ Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a.
2 Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt.
3 Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan.
4 Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a?
5 Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal.
6 ¶ Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou.
7 Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan.
8 (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.)
9 Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li.
10 Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan.
11 Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.
12 ¶ Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.
13 Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a.
14 Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl.
15 Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit.
16 Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl.
17 Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li.
18 Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy.
19 Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen?
20 Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen.
21 Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann.
22 Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li.
23 Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan (200) sòlda, swasanndis kavalye ak desan (200) zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè.
24 Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè.
25 Epi li ekri lèt sa a:
26 Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks.
27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li.
28 Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa.
29 Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a.
30 Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou.
31 Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm.
32 Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl.
33 Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li.
34 Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li:
35 Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.