M’Cheyne Bible Reading Plan
16 ¶ Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.
2 Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
3 Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.
4 ¶ Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò.
5 Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.
6 Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
7 ¶ Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
8 Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.
9 Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
10 ¶ Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.
11 Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.
13 Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.
14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.
15 ¶ Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.
16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.
15 ¶ Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa soti Jerizalèm, yo vin bò kot Jezi. Yo di li:
2 Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
3 Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?
4 Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.
5 Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye,
6 moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.
7 Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:
8 Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.
9 Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.
10 ¶ Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa:
11 Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.
12 Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a.
13 Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.
14 Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
15 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Esplike nou parabòl sa a non.
16 Jezi di: Nou menm tou, nou san konprann toujou!
17 Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li soti deyò.
18 Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l' sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye.
19 Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
20 Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men, keksyon manje san lave men, jan yo di l' la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye.
21 ¶ Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon.
22 Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil.
23 Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou.
24 Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen.
25 Men, fanm lan vini, li lage kò l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non.
26 Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen.
27 Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li.
28 Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri.
29 ¶ Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.
30 Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.
31 Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.
32 Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.
33 Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
34 Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.
35 Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè.
36 Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
37 Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.
38 Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
39 Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, li ale nan yon peyi yo rele Magadan.
5 ¶ Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.
2 Genyen ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n' manje pou n' pa mouri grangou.
3 Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou setoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n' ka jwenn manje pou n' manje.
4 Gen lòt ankò ki t'ap di: Pou n' te ka peye taks kontribisyon pou wa a, nou te setoblije prete lajan sou jaden ak pye rezen nou yo.
5 Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò.
6 ¶ Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil.
7 Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.
8 Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.
9 Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.
10 Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m' yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou.
11 Renmèt yo jaden yo, pye rezen yo, pye oliv yo ak kay yo touswit. Kite tou sa yo dwe nou pou yo, kit se lajan, kit se ble, kit se diven, kit se lwil.
12 Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la.
13 Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l' tèt anba, mwen souke l', epi mwen di: -Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l' souke l' konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l' san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: -Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Seyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.
14 ¶ Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.
15 Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
16 Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte ankenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m' yo te la tou nan travay miray la.
17 Chak jou mwen te gen sansenkant (150) moun ap manje sou menm tab avè m' lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen soti nan lòt peyi nan vwazinaj la.
18 Chak jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l', paske pèp la te gen kont chay sou do li deja.
19 Bondye mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!
15 ¶ Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la.
2 Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.
3 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa.
4 Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li.
5 Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: Se pou n' sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n' mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou.
6 ¶ Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen keksyon an.
7 Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye.
8 Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.
9 Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.
10 Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote?
11 Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l' delivre nou, menm jan li fè l' pou yo tou.
12 Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo.
13 Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen.
14 Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li.
15 Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la:
16 Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò.
17 Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen.
18 Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan.
19 Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye.
20 Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.
21 Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l' pou yo nan sinagòg yo.
22 ¶ Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil.
23 Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.
24 Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa.
25 Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil,
26 ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an.
27 Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo.
28 Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete.
29 Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!
30 Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antiòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la.
31 Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo.
32 Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs.
33 Yo pase kèk tan nan lavil Antiòch. Apre sa, frè yo swate yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo.
34 Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete.
35 Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antiòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Seyè a.
36 ¶ Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye.
37 Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo.
38 Men, Pòl pa t' kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l', paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pa t' rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini.
39 Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip.
40 Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l' favè l', li pati.
41 Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.