Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Jenèz 8

¶ Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.

Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe.

Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (150) jou dlo yo te konmanse bese.

¶ Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo.

Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.

¶ Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an.

Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè.

Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a.

Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.

10 Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an.

11 Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.

12 Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò.

13 ¶ Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch.

14 Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt.

15 ¶ Lè sa a, Bondye di Noe:

16 -Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.

17 Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.

18 Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo.

19 tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.

20 ¶ Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

21 Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.

22 Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.

Matye 8

¶ Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li.

Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.

Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.

¶ Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa:

Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.

Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou.

Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.

Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.

10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.

11 Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.

12 Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.

13 Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri.

14 ¶ Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.

15 Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.

16 Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.

17 Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.

18 ¶ Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.

19 Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.

20 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.

21 Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.

22 Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.

23 ¶ Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li.

24 Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a.

25 Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.

26 Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

27 Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?

28 ¶ Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a.

29 Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?

30 Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.

31 Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.

32 Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.

33 Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.

34 Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.

Esdras 8

¶ Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m' soti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou rèy wa Atagzèsès:

-(we vèsè pwochen)3 Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l' sansenkant (150) gason yo te konte nan fanmi an.

Elyeyoenayi, pitit gason Seraji a, chèf branch fanmi Pakat m'oab la. Li te gen avè l' desan (200) gason.

Chekanya, pitit gason Jazyèl la, chèf branch fanmi Zatou a. Li te gen avè l' twasan (300) gason.

Ebèd, pitit gason Jonatan an, chèf branch fanmi Aden an. Li te gen avè l' senkant gason.

Yechaya, pitit gason Atalya a, chèf branch fanmi Elam lan. Li te gen avè l' swasanndis gason.

Zebadya, pitit gason Mikayèl la, chèf branch fanmi Chefatya a. Li te gen katreven gason avè l'.

Obadya, pitit gason Jeyèl la, chèf branch fanmi Joab la. Li te gen desandizwit (218) gason avè l'.

10 Chelomit, pitit gason Josifya a, chèf branch fanmi Bani an. Li te gen sanswasant (160) gason avè l'.

11 Zakariya, pitit gason Bebayi a, chèf branch fanmi Bebayi a. Li te gen ventwit gason avè l'.

12 Jokanan, pitit gason Akatan an, chèf fanmi Azgad la. Li te gen sandis (110) gason avè l'.

13 Pou branch fanmi Adonikam an, se te Elifelèt, Jeyèl ak Chemaja. Yo te gen swasant gason avèk yo. Moun sa yo te vin apre.

14 Outayi, pitit gason Zaboud la, chèf branch fanmi Bigvayi a. Li te gen swasandis gason avè l'.

15 Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.

16 Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.

17 Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.

18 Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.

19 Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.

20 Te gen tou desanven (220) travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.

21 ¶ Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

22 Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.

23 Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

24 ¶ Apre sa, mwen chwazi douz moun nan chèf prèt yo: se te Cherebya, Achabya ak dis lòt chèf prèt.

25 Mwen pran pèz tout ajan ak tout lò ak tout lòt veso wa a, konseye l' yo ak lòt chèf ki avè l' yo te bay pou sèvi nan tanp Bondye nou an ansanm ak ofrann moun pèp Izrayèl yo, epi mwen renmèt yo bay douz chèf prèt yo.

26 Men sa mwen te renmèt yo nan men: nèfsandouzmil (912.000) ons ajan, ak san veso an ajan ki te peze demilkatsan (2.400) ons, sansenkantwitmil (158.000) ons lò,

27 ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis (270) ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo.

28 Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Seyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Seyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo.

29 Nou reskonsab yo jouk n'a rive nan tanp lan lavil Jerizalèm. Rive la, nan chanm prèt yo ki nan tanp Bondye a, n'a peze yo ankò devan chèf prèt yo ak chèf moun Levi yo, devan chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, epi n'a renmèt yo li.

30 Se konsa, lè mwen fin peze ajan an, lò a ak veso yo, prèt yo ak moun Levi yo pran yo nan men m', pou pote yo jouk lavil Jerizalèm, nan tanp Bondye nou an.

31 ¶ Sou douzyèm jou premye mwa a, nou kite kote nou te ye a bò kannal Aava a, nou pati pou lavil Jerizalèm. Bondye nou an te la ak nou sou tout wout la. Li pwoteje nou, li pa kite okenn lènmi atake nou, li pa kite nou tonbe nan okenn anbiskad vòlò ta ka pare sou wout pou nou.

32 Nou rive lavil Jerizalèm, nou pase twa jou ap poze kò nou.

33 Sou katriyèm jou a, n' al nan tanp Bondye nou an, yo peze ajan an, lò a ak veso yo, epi yo renmèt yo nan men Meremòt, prèt la, pitit gason Ouri a. Avèk li te gen Eleaza, pitit gason Fineas la, ak de moun Levi: Jozabad, pitit gason Jozye, ak Noadja, pitit gason Bennwi a.

34 Yo konte, yo peze, yo jwenn tout bagay, anyen pa t' manke. Lè sa a, yo fè yon lis tou sa yo te peze, epi yo sere lis la.

35 Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye pèp Izrayèl la. Yo ofri douz towo pou tout pèp Izrayèl la, katrevensèz belye mouton, swasanndisèt ti mouton ak douz bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche yo. Yo boule tout bèt sa yo nèt nan dife pou Seyè a.

36 Yo pran tout dokiman wa a te ba yo, yo renmèt prefè wa yo ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la, yo bay konkou yo pou tanp Bondye a.

Travay 8

¶ Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.

Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.

Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.

¶ Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.

Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.

Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè.

Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.

Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.

10 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li.

11 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo.

12 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.

13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

14 ¶ Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.

15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,

16 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman.

17 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.

18 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan.

19 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou.

20 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?

21 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.

22 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.

23 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou.

24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

25 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.

26 ¶ Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)

27 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.

28 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a.

30 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a?

31 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li.

32 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.

33 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.

34 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun?

35 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.

36 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm?

37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.

38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.

39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.

40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.