M’Cheyne Bible Reading Plan
22 ¶ Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
2 Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.
3 ¶ Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
4 Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'.
5 Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.
6 Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.
7 Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?
8 Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.
9 Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.
10 Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.
11 ¶ Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!
12 Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
13 Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
15 ¶ Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
16 -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
17 Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
19 Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l' pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.
20 ¶ Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la.
21 Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,
22 Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl.
23 Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.
24 Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.
21 ¶ Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo,
2 li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen.
3 Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo.
4 Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:
5 Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
6 Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a.
7 Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita.
8 Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an.
9 Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
10 Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: Ki moun nonm sa a ye menm?
11 Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
12 ¶ Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
13 Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè.
14 Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo.
15 Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!
16 Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
17 Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan.
18 ¶ Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou.
19 Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche.
20 Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman?
21 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
22 Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.
23 ¶ Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
24 Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.
25 Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'.
26 Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.
27 Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.
28 ¶ Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.
29 Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, li ale.
30 Apre sa, papa a pale ak lòt pi piti a, li di l' menm bagay la. Pi piti a reponn li: Wi, papa. Men, li pa janm mete pye li.
31 Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou.
32 Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
33 ¶ Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj.
34 Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo.
35 Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch.
36 Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an.
37 Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an.
38 Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou.
39 Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li.
40 Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo?
41 Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive.
42 Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa.
43 Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
44 Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.
45 Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale.
46 Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou li. Men, yo te pè foul moun yo ki te pran Jezi pou yon bon pwofèt.
11 ¶ Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.
2 Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.
3 Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a.
4 Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalèm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyèl, Maleyèl te pitit Perès.
5 Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kòloze, Kòloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela.
6 Antou te gen katsanswasanntwit (468) vanyan gason, moun fanmi Perès, ki te tabli lavil Jerizalèm.
7 Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja.
8 Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nèfsanvenntwit (928) moun Benjamen ki t'ap viv lavil Jerizalèm.
9 Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm.
10 Men prèt ki t'ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken.
11 Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sèvi granprèt nan tanp Bondye a.
12 Antou te gen wisanvennde (822) moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.
13 Antou te gen desankarannde (242) moun nan branch fanmi sa a ki te chèf fanmi. Te gen Amasayi, pitit gason Azareyèl. Azareyèl sa a te pitit Aksayi, Aksayi te pitit Mechilemòt, Mechilemòt te pitit Imè.
14 Te gen antou sanvenntwit (128) vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyèl, pitit gason Agadòl, ki te chèf yo.
15 Nan moun Levi ki te rete nan lavil la, te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, Achabya te pitit Bouni.
16 Te gen Chabtayi ak Jozabad tou, de nan chèf moun Levi yo ki te reskonsab pou regle tout zafè tanp lan avèk lòt moun deyò.
17 Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.
18 Antou te gen desankatrevennèf (289) moun Levi nan lavil Bondye a.
19 Nan moun k'ap fè pòs nan pòtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lòt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz (172) gad.
20 ¶ Rès pèp la ak lòt prèt yo ak moun Levi yo t'ap viv sou pòsyon tè fanmi yo nan lòt lavil peyi Jida a.
21 Travayè tanp yo t'ap viv nan katye lavil Jerizalèm yo rele Ofèl la. Se Zicha ak Gichpa ki te chèf travayè yo.
22 Chèf moun Levi lavil Jerizalèm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fè pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sèvis Tanp Bondye a.
23 Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.
24 Se Petachya, pitit gason Mechezabeyèl, moun Zerak nan branch fanmi Jida a, yo te nonmen delege lakay wa a pou regle tout zafè pèp Izrayèl la.
25 Anpil moun t'ap viv nan ti bouk yo, nan mitan jaden yo. Moun branch fanmi Jida yo te rete nan lavil Kiriyat Aba ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Dibon ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Jekabzel ak nan bouk ki te sou kont li yo.
26 Yo te rete tou nan lavil Jechwa, lavil Molada, lavil Bèt-Pelèt,
27 lavil Azachwal, lavil Becheba ak nan ti bouk ki te sou kont li yo.
28 Yo te rete nan lavil Ziklag, nan lavil Mekona ak nan ti bouk ki te sou kont li yo,
29 nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,
30 nan lavil Zanoa, nan lavil Adoulam ak nan ti katye ki te sou kont yo. Yo te rete lavil Lakis ak nan jaden ki toupre lavil la, nan lavil Azèka ak nan ti bouk ki te sou kont li yo. Se konsa moun fanmi Jida yo te rete nan teritwa ki konmanse nan sid bò lavil Bècheba a pou rive nan nò jouk Fon Inon, bò lavil Jerizalèm.
31 Moun fanmi Benjamen yo te rete nan lavil Geba, lavil Mikmach, lavil Aja, lavil Betèl ak nan ti bouk ki te sou kont yo,
32 lavil Anatòt, lavil Nòb, lavil Ananya,
33 lavil Azò, lavil Rama, lavil Gitayim,
34 lavil Adid, lavil Zeboyim, lavil Nebalat,
35 lavil Lòd, lavil Ono ak nan Fon Atizan yo.
36 Te gen kèk moun Levi ki te rete nan teritwa moun Jida yo, yo voye yo al rete nan teritwa moun Benjamen yo.
21 ¶ Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.
2 La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati.
3 Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la.
4 Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.
5 Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.
6 Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo.
7 Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo.
8 ¶ Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.
9 Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye.
10 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide.
11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.
12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm.
13 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.
14 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.
15 ¶ Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm.
16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.
17 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan.
18 Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.
19 Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo.
20 Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou.
21 Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.
22 Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la.
23 Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve.
24 Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la.
25 Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè.
26 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la.
27 ¶ Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li.
28 Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
29 (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.)
30 Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan.
31 Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.
32 Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl.
33 Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè.
34 Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan.
35 Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè.
36 Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li.
37 Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk?
38 Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil (4.000) bandi avè l' nan dezè a?
39 Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la.
40 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa: