Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the Gospels in 40 Days

Read through the four Gospels--Matthew, Mark, Luke, and John--in 40 days.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 15-16

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mak 7:1-23)

15 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”

Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.[a] Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.[b] Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”[c]

10 Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11 Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”

12 Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”

13 Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”

15 Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”

16 Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17 Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18 Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mak 7:24-30)

21 Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22 Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”

23 Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”

24 Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”

25 Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”

26 Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”

27 Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”

28 Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.

Jezi geri anpil moun

29 Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye.

30 Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. 31 Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mak 8:1-10)

32 Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”

33 Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?”

34 Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”

35 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. 36 Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. 37 Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. 38 Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. 39 Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)

16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[d] la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mak 8:14-21)

Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.”

Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 10 Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 11 Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen.

12 Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)

13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”

14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”

16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”

17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[e] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[f] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)

21 Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”

23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![g] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25 Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International