Read the Gospels in 40 Days
Jezi ap priye pou li menm ak disip li yo
17 Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou, 2 menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl. 3 Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a. 4 Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt. 5 Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.
6 Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. 7 Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. 8 Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. 9 M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10 tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.
11 Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12 Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase konsa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.
13 Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14 Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.
15 Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16 Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Menm jan ou te voye m nan lemonn, se konsa mwen voye yo tou. 19 Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.
20 Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21 Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22 Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23 Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.
24 Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25 Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)
18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.
2 Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. 3 Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.
4 Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”
5 Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”
Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. 6 Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.
7 Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”
Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”
8 Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” 9 Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)
15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”
Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”
18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyonnen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”
22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se konsa ou ap reponn Chèf prèt la?”
23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”
24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.
Pyè manti ankò
(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)
25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”
Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”
26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”
27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[c] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”
Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[d]
33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”
35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”
36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.
38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
Copyright © 2017 by Bible League International