Read the Gospels in 40 Days
Jezi se menm jan ak yon pye rezen
15 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. 2 Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. 3 Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. 4 Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se konsa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.
5 Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. 6 Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. 7 Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. 8 Lè nou donnen anpil, se konsa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.
9 Menm jan Papa a renmen m, konsa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou. 10 Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li. 11 Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale. 12 Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou. 13 Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. 14 Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè. 15 Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.
16 Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l. 17 Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.
Jezi avèti disip li yo
18 Si lemonn rayi nou, se pou n konnen se paske l rayi m an premye. 19 Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.
20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou. 21 Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan. 22 Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.
23 Moun ki rayi m rayi Papa m tou. 24 Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m. 25 Men, se pou sa ki te ekri nan Lalwa yo a kapab akonpli ki fè yo rayi m san rezon.[a]
26 Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite[b] Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen. 27 Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.
16 Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa. 2 Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye. 3 Yo va aji konsa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m. 4 Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa.
Travay Sentespri a
Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou. 5 Men kounye a, m ap retounen kote moun ki te voye m nan, pa gen youn nan nou ki mande m kote w prale? 6 Epi poutèt mwen di nou sa, se pa ti tris nou tris. 7 Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.
8 Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye. 9 Konsolatè ap montre yo peche yo se moun ki pa kwè nan mwen. 10 L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò. 11 L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.
12 Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. 13 Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. 14 Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. 15 Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.
Latristès va tounen kè kontan
16 Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m.”
17 Kèk nan disip li yo t ap di antre yo menm: “Ki sa l vle di, lè l di: Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? Oubyen paske m pral kote Papa a?” 18 Yo t ap di: “Ki sa sa vle di yon ti tan ankò? Nou pa konprann sa l vle di!”
19 Jezi te konprann yo te vle poze l kesyon, li di yo: “Èske se chache n ap chache konprann sa sa vle di yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? 20 Sa, se vre, nou pral menm kriye anpil, nou pral tris, men se va yon rejwisans pou lemonn. Nou pral nan lafliksyon, men lafliksyon nou pral chanje an kè kontan.
21 Lè yon fanm ap akouche, li nan soufrans, paske lè l rive. Men lè l fin akouche, li pa sonje soufrans la ankò, kè l kontan nèt, paske li fè yon pitit gason. 22 Se konsa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a. 23 Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l. 24 Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.
Laviktwa sou lemonn
25 Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou konsa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a. 26 Lè sa a, nou va mande paske nou se disip mwen, epi mwen pa vle di m ap priye Papa a pou nou, 27 paske Papa a menm li renmen nou paske nou renmen m, epi paske nou kwè m soti bò kote Bondye. 28 Mwen soti bò kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn, men kounye a m ap kite lemonn pou m ale jwenn Papa a.”
29 Disip li yo di l: “Kounye a, ou pale nou aklè, ou pa pale an parabòl ankò. 30 Kounye a nou konnen ou menm, ou konn tout bagay, epi ou reponn kesyon yo menm anvan nou mande w yo. Se poutèt sa nou kwè se Bondye ki voye w.”
31 Jezi reponn yo: “Nou kwè kounye a? 32 Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.
33 Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”
Copyright © 2017 by Bible League International