Read the Gospels in 40 Days
Istwa Jezi ak Zache
19 Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. 2 Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. 3 Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. 4 Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase.
5 Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”
6 Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. 7 Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”
8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”
9 Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. 10 Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Yon istwa sou twa sèvitè
(Mat 25:14-30)
11 Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye. 13 Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan[a] epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen. 14 Men, sitwayen yo nan peyi a te rayi nonm nan. Konsa, yo voye yon gwoup mesaje ale nan peyi kote l ale a pou al di: Nou pa vle nonm sa a kòm wa sou nou.
15 Vwala chèf yo nan peyi byen lwen an fè nonm nan wa kanmenm. Lè l tounen nan peyi a vin renye, li rele sèvitè li te bay lajan yo pou yo rann kont ki benefis yo fè. 16 Premye sèvitè a vini, li di: Mèt, kantite lajan ou te ban mwen an fè dis (10) fwa plis lajan. 17 Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil.
18 Dezyèm sèvitè a vini, li di: Kantite lajan ou te ban mwen an fè senk (5) fwa plis. 19 Wa a di li: Ou menm, m ap ba ou gouvène senk (5) vil.
20 Apre sa, yon lòt sèvitè vini, li di: Mèt, men lajan ou te ban mwen an. Mwen te vlope l nan yon moso twal epi sere l la pou ou. 21 Paske mwen te pè w. M konnen ou se yon moun ki di. Ou pran lajan ki pa pou ou. Ou rekòlte sa ou pa t simen.
22 Wa a di li: Gade kouman ou mechan! Malveyan! M ap jije ou ak pawòl ki soti nan bouch ou. Ou te konnen mwen se yon moun ki di, ki pran sa k pa pou mwen, ki rekòlte sa m pa t simen, 23 pou kisa ou pa t mete lajan m nan labank? Lè m vini, mwen ta jwenn enterè sou li. 24 Apre sa, wa a di mesye ki te la yo: Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la.
25 Men, mesye yo di wa a: Monwa, nonm sa a gentan gen dis (10) fwa lajan deja?
26 M ap di nou sa: Nenpòt moun ki genyen, y ap ba li toujou. Men moun ki pa genyen, menm ti sa l genyen an y ap retire l nan men l. 27 Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Jan 12:12-19)
28 Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. 29 Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. 30 Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 31 Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”
32 Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. 33 Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?”
34 De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” 35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. 36 Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.
37 Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38 Yo t ap di:
“Benediksyon pou wa a
ki vini nan non Senyè a.[b]
Kè poze nan syèl la!
Lwanj pou Bondye!”
39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.”
40 Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.”
Jezi kriye pou Jerizalèm
41 Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la. 42 Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. 43 Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. 44 Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-17; Mak 11:15-19; Jan 2:13-22)
45 Jezi antre nan tanp lan, epi li tonbe mete tout moun ki t ap vann bagay anndan tanp lan deyò. 46 Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye.[c] Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[d]
47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan ap anseye moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo menm, ansanm ak doktè lalwa yo epi lidè yo nan pami pèp la t ap chache yon okazyon pou yo touye li. 48 Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mat 21:23-27; Mak 11:27-33)
20 Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. 2 Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?”
3 Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. 4 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
5 Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 6 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” 7 Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.”
8 Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mat 21:33-46; Mak 12:1-12)
9 Apre sa, Jezi rakonte pèp la parabòl sa a: “Vwala se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Apre sa, li bay kèk kiltivatè jaden an de mwatye, epi li pati al fè anpil tan deyò. 10 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid. 11 Mèt jaden an voye yon dezyèm domestik kote kiltivatè yo. Yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat. Lè yo fini, yo joure l byen joure, apre sa, yo voye l ale de men vid. 12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik kote kiltivatè yo. Fwa sa a, yo menm blese domestik la epi yo pimpe l deyò jaden an.
13 Lè sa a, Mèt jaden an di: Ki sa m dwe fè la a? M ap voye pitit gason m nan kote yo, pitit mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se pitit mwen an, y a gen respè pou li. 14 Lè kiltivatè yo wè pitit la ap vini, youn di lòt konsa: Men pitit mèt jaden an ap vini. Annou touye li, pou jaden an ka rete pou nou. 15 Konsa, kiltivatè yo trennen pitit gason mèt la soti deyò jaden an epi yo touye l.
Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? 16 L ap vini, l ap touye tout kiltivatè sa yo; apre sa, l ap bay lòt kiltivatè responsab jaden an.”
Lè moun yo fin tande istwa a, yo di: “Mande Bondye padon non! Yon bagay konsa pa ka rive.” 17 Men, Jezi gade yo epi li di yo: “Enben kisa pawòl sa ki ekri a vle di pou nou?
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a,
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.[e]
18 Nenpòt moun ki kase pye l nan wòch sa a, ap kraze an miyèt moso, men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, l ap kraze moun nan fè farin.”
19 Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mat 22:15-22; Mak 12:13-17)
20 Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. 21 Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. 22 Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
23 Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: 24 “Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?”
Yo reponn li: “Seza.”
25 Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”
26 Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mat 22:23-33; Mak 12:18-27)
27 Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. 28 Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a.[f] 29 Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. 30 Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. 31 Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. 32 Finalman, fi a mouri tou. 33 Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye?
34 Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. 35 Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. 36 Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. 37 Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a,[g] Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la. 38 Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.”
39 Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” 40 Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò.
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)
41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:
Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43 jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.[h][i]
44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)
45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”
Copyright © 2017 by Bible League International