Lik 22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Jan 11:47-53)
22 Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la. 2 Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)
3 Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, 4 epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. 5 Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. 6 Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)
7 Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan. 8 Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”
9 Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”
10 Jezi reponn yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, n ap kontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Swiv mesye a jouktan li rive nan kay kote l va antre a. 11 Pale ak mèt kay la, di l konsa: Mèt la voye di w pou montre nou chanm kote li ka manje repa fèt Pak la ak disip li yo. 12 Lè sa a, mèt kay la ap montre nou yon gwo chanm anlè a ki byen meble. Se la n a pare manje Pak la.”
13 Pyè ak Jan ale, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a, epi yo prepare manje Pak la.
Repa Senyè a
(Mat 26:26-30; Mak 14:22-26; 1 Kor 11:23-25)
14 Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. 15 Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. 16 Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak kon sa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.”
17 Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. 18 Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.”
19 Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. 20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”[a]
Kilès k ap leve talon kont Jezi?
21 Jezi di: “Epoutan, moun k ap trayi m nan chita bò tab la ansanm ak mwen la a. 22 Pitit Lòm nan pral fè sa Papa a te gentan deside pou l fè, se vre, men malè pou moun ki trayi l la.”
23 Tousuit apot yo tonbe fè diskisyon ant yo menm. Youn ap mande lòt kilès nan pami yo la a ki pral fè bagay sa a?
Se pou konpòte w tankou yon sèvitè
24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.
28 Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29 Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30 N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”
Pyè p ap pase tès la
(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Jan 13:36-38)
31 Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.[b] 32 Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”
33 Men Pyè di l konsa: “Senyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w. E si sa nesesè, m ap menm mouri avè w.”
34 Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.”
Prepare pou tribilasyon
35 Apre sa, Jezi di apot yo: “Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy?”
Yo reponn li: “Nou pa t manke anyen.”
36 Epi li di yo: “Enben kounye a, si yon moun gen lajan, se pou l mache avè l; sa k gen manje, se pou l mache avè l. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yon nepe. 37 Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen:
Yo mete l nan menm panye ak mechan yo.(A)
Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.”
38 Disip yo di li: “Mèt, men de nepe.”
Li di yo: “Ase.”[c]
Jezi ap priye poukont li
(Mat 26:36-46; Mak 14:32-42)
39 Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. 40 Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”
41 Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[d] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44 Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.[e] 45 Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)
47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.
48 Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” 49 Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” 50 Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li.
51 Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li.
52 Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 53 Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:57-58, 69-75; Mak 14:53-54, 66-72; Jan 18:12-18, 25-27)
54 Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans. 55 Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo. 56 Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”
57 Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” 58 Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.”
Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”
59 Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.”
60 Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.”
Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. 61 Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” 62 Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.
Sòlda yo maltrete Jezi
(Mat 26:67-68; Mak 14:65)
63 Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou. 64 Yo mare je li ak twal epi yo di li: “Si ou se pwofèt vre, devine ki moun ki ba w kou sa a.” 65 Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Jan 18:19-24)
66 Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. 67 Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.”
Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. 68 Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. 69 Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.”
70 Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.”
71 Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”
Footnotes
- 22:20 Kèk kopi Grèk pa genyen pawòl Jezi nan dènye pati vèsè 19 la ansanm ak tout vèsè 20 an.
- 22:31 Simon Lòt non Simon an se te Pyè.
- 22:38 Ase Oubyen “Sa sifi” ki vle di sispann pale de bagay konsa.
- 22:42 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.
- 22:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa genyen vèsè 43 ak 44.
Luke 22
New International Version
Judas Agrees to Betray Jesus(A)
22 Now the Festival of Unleavened Bread, called the Passover, was approaching,(B) 2 and the chief priests and the teachers of the law were looking for some way to get rid of Jesus,(C) for they were afraid of the people. 3 Then Satan(D) entered Judas, called Iscariot,(E) one of the Twelve. 4 And Judas went to the chief priests and the officers of the temple guard(F) and discussed with them how he might betray Jesus. 5 They were delighted and agreed to give him money.(G) 6 He consented, and watched for an opportunity to hand Jesus over to them when no crowd was present.
The Last Supper(H)(I)(J)(K)(L)
7 Then came the day of Unleavened Bread on which the Passover lamb had to be sacrificed.(M) 8 Jesus sent Peter and John,(N) saying, “Go and make preparations for us to eat the Passover.”
9 “Where do you want us to prepare for it?” they asked.
10 He replied, “As you enter the city, a man carrying a jar of water will meet you. Follow him to the house that he enters, 11 and say to the owner of the house, ‘The Teacher asks: Where is the guest room, where I may eat the Passover with my disciples?’ 12 He will show you a large room upstairs, all furnished. Make preparations there.”
13 They left and found things just as Jesus had told them.(O) So they prepared the Passover.
14 When the hour came, Jesus and his apostles(P) reclined at the table.(Q) 15 And he said to them, “I have eagerly desired to eat this Passover with you before I suffer.(R) 16 For I tell you, I will not eat it again until it finds fulfillment in the kingdom of God.”(S)
17 After taking the cup, he gave thanks and said, “Take this and divide it among you. 18 For I tell you I will not drink again from the fruit of the vine until the kingdom of God comes.”
19 And he took bread, gave thanks and broke it,(T) and gave it to them, saying, “This is my body given for you; do this in remembrance of me.”
20 In the same way, after the supper he took the cup, saying, “This cup is the new covenant(U) in my blood, which is poured out for you.[a] 21 But the hand of him who is going to betray me is with mine on the table.(V) 22 The Son of Man(W) will go as it has been decreed.(X) But woe to that man who betrays him!” 23 They began to question among themselves which of them it might be who would do this.
24 A dispute also arose among them as to which of them was considered to be greatest.(Y) 25 Jesus said to them, “The kings of the Gentiles lord it over them; and those who exercise authority over them call themselves Benefactors. 26 But you are not to be like that. Instead, the greatest among you should be like the youngest,(Z) and the one who rules like the one who serves.(AA) 27 For who is greater, the one who is at the table or the one who serves? Is it not the one who is at the table? But I am among you as one who serves.(AB) 28 You are those who have stood by me in my trials. 29 And I confer on you a kingdom,(AC) just as my Father conferred one on me, 30 so that you may eat and drink at my table in my kingdom(AD) and sit on thrones, judging the twelve tribes of Israel.(AE)
31 “Simon, Simon, Satan has asked(AF) to sift all of you as wheat.(AG) 32 But I have prayed for you,(AH) Simon, that your faith may not fail. And when you have turned back, strengthen your brothers.”(AI)
33 But he replied, “Lord, I am ready to go with you to prison and to death.”(AJ)
34 Jesus answered, “I tell you, Peter, before the rooster crows today, you will deny three times that you know me.”
35 Then Jesus asked them, “When I sent you without purse, bag or sandals,(AK) did you lack anything?”
“Nothing,” they answered.
36 He said to them, “But now if you have a purse, take it, and also a bag; and if you don’t have a sword, sell your cloak and buy one. 37 It is written: ‘And he was numbered with the transgressors’[b];(AL) and I tell you that this must be fulfilled in me. Yes, what is written about me is reaching its fulfillment.”
38 The disciples said, “See, Lord, here are two swords.”
“That’s enough!” he replied.
Jesus Prays on the Mount of Olives(AM)
39 Jesus went out as usual(AN) to the Mount of Olives,(AO) and his disciples followed him. 40 On reaching the place, he said to them, “Pray that you will not fall into temptation.”(AP) 41 He withdrew about a stone’s throw beyond them, knelt down(AQ) and prayed, 42 “Father, if you are willing, take this cup(AR) from me; yet not my will, but yours be done.”(AS) 43 An angel from heaven appeared to him and strengthened him.(AT) 44 And being in anguish, he prayed more earnestly, and his sweat was like drops of blood falling to the ground.[c]
45 When he rose from prayer and went back to the disciples, he found them asleep, exhausted from sorrow. 46 “Why are you sleeping?” he asked them. “Get up and pray so that you will not fall into temptation.”(AU)
Jesus Arrested(AV)
47 While he was still speaking a crowd came up, and the man who was called Judas, one of the Twelve, was leading them. He approached Jesus to kiss him, 48 but Jesus asked him, “Judas, are you betraying the Son of Man with a kiss?”
49 When Jesus’ followers saw what was going to happen, they said, “Lord, should we strike with our swords?”(AW) 50 And one of them struck the servant of the high priest, cutting off his right ear.
51 But Jesus answered, “No more of this!” And he touched the man’s ear and healed him.
52 Then Jesus said to the chief priests, the officers of the temple guard,(AX) and the elders, who had come for him, “Am I leading a rebellion, that you have come with swords and clubs? 53 Every day I was with you in the temple courts,(AY) and you did not lay a hand on me. But this is your hour(AZ)—when darkness reigns.”(BA)
Peter Disowns Jesus(BB)
54 Then seizing him, they led him away and took him into the house of the high priest.(BC) Peter followed at a distance.(BD) 55 And when some there had kindled a fire in the middle of the courtyard and had sat down together, Peter sat down with them. 56 A servant girl saw him seated there in the firelight. She looked closely at him and said, “This man was with him.”
57 But he denied it. “Woman, I don’t know him,” he said.
58 A little later someone else saw him and said, “You also are one of them.”
“Man, I am not!” Peter replied.
59 About an hour later another asserted, “Certainly this fellow was with him, for he is a Galilean.”(BE)
60 Peter replied, “Man, I don’t know what you’re talking about!” Just as he was speaking, the rooster crowed. 61 The Lord(BF) turned and looked straight at Peter. Then Peter remembered the word the Lord had spoken to him: “Before the rooster crows today, you will disown me three times.”(BG) 62 And he went outside and wept bitterly.
The Guards Mock Jesus(BH)
63 The men who were guarding Jesus began mocking and beating him. 64 They blindfolded him and demanded, “Prophesy! Who hit you?” 65 And they said many other insulting things to him.(BI)
Jesus Before Pilate and Herod(BJ)(BK)(BL)
66 At daybreak the council(BM) of the elders of the people, both the chief priests and the teachers of the law, met together,(BN) and Jesus was led before them. 67 “If you are the Messiah,” they said, “tell us.”
Jesus answered, “If I tell you, you will not believe me, 68 and if I asked you, you would not answer.(BO) 69 But from now on, the Son of Man will be seated at the right hand of the mighty God.”(BP)
70 They all asked, “Are you then the Son of God?”(BQ)
He replied, “You say that I am.”(BR)
71 Then they said, “Why do we need any more testimony? We have heard it from his own lips.”
Footnotes
- Luke 22:20 Some manuscripts do not have given for you … poured out for you.
- Luke 22:37 Isaiah 53:12
- Luke 22:44 Many early manuscripts do not have verses 43 and 44.
Copyright © 2017 by Bible League International
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.