Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
35 Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou?[a] Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a. 36 Se Moyiz ki te mennen pèp la soti kite peyi Lejip. Li te fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan peyi Lejip la menm, devan lanmè wouj la, nan dezè a, pandan karant (40) ane.
37 Se menm Moyiz sa a tou ki te di pèp Izrayèl la pawòl sa yo: Bondye gen pou l fè yon pwofèt parèt nan mitan nou. Se youn pami nou l ap ye tou, menm jan ak mwen.[b] 38 Se li menm ki te ansanm ak pèp Bondye a lè yo te nan dezè a. Li te nan dezè a ansanm ak zansèt nou yo ak anj Bondye a ki t ap pale ak li sou gwo mòn Sinayi a. Li te resevwa pawòl vivan an nan men anj lan pou l transmèt li ban nou.
39 Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip. 40 Yo di Arawon konsa: Fè kèk lòt bondye pou nou ki pou mache devan nou pou dirije nou, paske Moyiz ki te mennen nou soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa k pase avè l.[c] 41 Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. 42 Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo:
Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
pandan karantan nou te pase nan dezè a?
Copyright © 2017 by Bible League International