Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Egzòd 34:29-35' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 99 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 3:12-4:2

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans. 13 Nou pa fè tankou Moyiz ki te oblije mete yon vwal sou vizaj li pou Izrayelit yo pa t ka wè lè glwa ki sou vizaj li a t ap disparèt. 14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[a] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. 17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.

Trezò espirityèl nan po an ajil

Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l. Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.

Lik 9:28-36

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli

(Mat 17:1-8; Mak 9:2-8)

28 Anviwon uit jou konsa apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn ansanm ak yo pou l al priye. 29 Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye. 30 Epi, men de mesye t ap pale ansanm ak li. Se te Moyiz ak Eli. 31 Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm. 32 Nan moman sa a, Pyè ansanm ak lòt mesye yo te gen yon move dòmi k ap kale yo. Lè yo reveye, yo wè Jezi nan laglwa li. Yo wè de mesye yo tou ki te kanpe ansanm ak Jezi. 33 Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant.[a] Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di.

34 Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. Pyè ansanm ak lòt de disip yo te pè anpil lè nyaj la kouvri yo a. 35 Se konsa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”

36 Lè vwa a fin pale, mesye yo wè Jezi poukont li ankò. Men yo pa t janm di pèsonn moun anyen nan lè sa a sou sa yo te wè a.

Lik 9:37-43

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)

37 Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38 Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39 Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40 Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”

41 Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”

42 Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)

Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa:

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International