Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76 Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78 Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè[a] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:5-15; Mak 6:7-13)
9 Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. 2 Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. 3 Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. 4 Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. 5 Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
6 Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou.
Copyright © 2017 by Bible League International