Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76 Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78 Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè[a] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
18 Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan.
Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. 19 Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikri va ban mwen. 20 Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. 21 Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. 22 Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? 23 Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. 24 Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. 25 Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. 26 Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikri fè pou mwen.
Copyright © 2017 by Bible League International