Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Se pou konpòte w tankou yon sèvitè
24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.
28 Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29 Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30 N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International