Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 55:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jòb 11 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 7:10-16

10 Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li. 11 Men oka ou sa ta rive, se pou madanm rete san lòt gason oubyen se pou l tounen ak mari li. Menm jan tou yon mari pa gen dwa divòse ak madanm li.

12 Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 13 Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 14 Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.

15 Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. 16 Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International