Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 61:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 61:8-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 126 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 1:46-55

Mari fè lwanj pou Senyè

46 Apre sa Mari di:

“Nanm mwen beni non Bondye.
47     Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
    Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fini,
    tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
    Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
    pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
    Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
    epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
    men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
    Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
    Abraram ansanm ak desandan l yo,
    li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”

1 Tesalonisyen 5:16-24

16 Toujou fè kè ou kontan. 17 Pa janm sispann lapriyè. 18 Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se konsa Bondye vle pou viv nan Jezikris.

19 Pa antrave travay Sentespri a. 20 Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21 Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22 Kouri lwen tout sa ki mal.

23 Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24 Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.

Jan 1:6-8

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a.

Jan 1:19-28

Jan rann temwanyaj pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17)

19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”[a]

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[b] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”[c]

24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”

26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”

28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International