Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 32 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 18:28-19:8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 5:17-26

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)

17 Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. 18 Se kon sa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. 19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20 Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”

21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”

22 Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? 23-24 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

25 Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International