Revised Common Lectionary (Complementary)
Kretyen Galat yo te resevwa Sentespri a
3 Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye? 2 Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l. 3 Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs kon sa tankou sikonsizyon[a]? 4 Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi. 5 Bondye ki te ba nou Sentespri a epi ki te fè tout mirak sa yo nan mitan nou, èske li te fè sa paske nou te fè sa lalwa mande, oubyen paske nou te kwè nan mesaj nou te tande a?
6 Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.(A) 7 Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. 8 Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”(B) 9 Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou.
Copyright © 2017 by Bible League International