M’Cheyne Bible Reading Plan
2 ¶ Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.
2 Eli di Elize konsa: --Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
3 Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: --Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
4 Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.
5 Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: --Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
6 Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
7 Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.
8 Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.
9 ¶ Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: --Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: --Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.
10 Eli di li: --Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.
11 Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
12 Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: --Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
13 ¶ Lèfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe.
14 Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: --Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
15 Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: --Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
16 Yo di li: --Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: --Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
17 Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: --Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.
18 Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: --Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!
19 ¶ Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: --Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.
20 Elize di yo: --Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.
21 Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: --Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.
22 Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l' la.
23 Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: --Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
24 Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
25 Apre sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.
2 ¶ Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou:
2 Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja.
3 ¶ Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.
4 Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.
5 Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou?
6 Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li.
7 Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt.
8 Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li.
9 Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti.
10 Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.
11 Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti.
12 Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.
13 ¶ Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.
14 Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.
15 Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.
16 ¶ M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.
17 M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.
6 ¶ Dariyis deside chwazi sanven (120) prefè li mete chèf nan tout peyi a.
2 Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a.
3 Danyèl sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l' reskonsab tout peyi a.
4 Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.
5 Lè sa a yonn di lòt: -Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l' la.
6 ¶ Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò!
7 Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo.
8 Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'.
9 Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.
10 Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
11 ¶ Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la.
12 Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.
13 Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'!
14 Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl.
15 Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.
16 Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!
17 Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl.
18 ¶ Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'.
19 Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an.
20 Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?
21 Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò!
22 Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
23 Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.
24 Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.
25 ¶ Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze!
26 Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.
27 Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'!
28 Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.
112 ¶ Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
2 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
4 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
5 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
6 ¶ Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
7 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.
8 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
9 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
10 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
113 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!