M’Cheyne Bible Reading Plan
22 ¶ Pandan twazan, pa t' gen lagè ant peyi Izrayèl ak peyi Siri.
2 Men nan twazyèm lanne a, Jozafa, wa peyi Jida a, al vizite Akab, wa peyi Izrayèl la.
3 Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?
4 Lèfini li mande Jozafa: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye.
5 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Annou mande Seyè a sa li di nan sa.
6 Se konsa Akab reyini katsan (400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.
7 Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa vre?
8 Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!
9 Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di li: -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.
10 Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita, yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo.
11 Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo.
12 Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.
13 Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a.
14 Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.
15 ¶ Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske sè pou m' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.
16 Men Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a se pou di m' laverite?
17 Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
18 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.
19 Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
20 Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.
21 Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tèt li.
22 Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
23 Koulye a, ou konnen si Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.
24 Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?
25 Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!
26 Se konsa, wa Akab pase yon lòd, li di: -Pran Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.
27 Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ni malè.
28 Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!
29 ¶ Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.
30 Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen.
31 Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la.
32 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou atake l'. Men, Jozafa rele anmwe.
33 Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.
34 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
35 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule soti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri.
36 Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo,
37 paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'.
38 Y' al lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Seyè a te di sa t'ap rive a.
39 Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
40 Lè Akab mouri, se pitit li, Okozyas ki moute wa nan plas li.
41 ¶ Akab te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Jozafa, pitit Asa a, moute sou fotèy wa peyi Jida a.
42 Lè sa a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman li te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.
43 Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.
44 Jozafa te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.
45 n'a jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo,
46 jan li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou rèy Asa, papa l'.
47 (Lè sa a, pa t' gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)
48 Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.
49 Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize.
50 Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.
51 Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari.
52 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li swiv egzanp papa l' ak manman l'. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal.
53 Li sèvi Baal, li adore l' tankou papa l' te fè a. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.
5 ¶ Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive.
2 Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit.
3 Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.
4 Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.
5 Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa!
6 ¶ Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.
7 Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou.
8 Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou.
9 Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
10 Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.
11 ¶ Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.
12 Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.
13 Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.
14 M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.
15 Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.
16 ¶ Se pou kè nou toujou kontan.
17 Pa janm sispann lapriyè.
18 Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
19 Pa antrave travay Sentespri a.
20 Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
21 Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.
22 Egzante tou sa ki mal.
23 ¶ Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
24 Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.
25 Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou.
26 Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l' la.
27 Tanpri souple, nan non Seyè a, li lèt sa a bay tout frè yo.
28 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
4 ¶ Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.
2 Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.
3 Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.
4 ¶ Mwen menm, Nèbikadneza, mwen t'ap viv alèz lakay mwen. Tout zafè m' t'ap mache byen nan palè a.
5 Men, mwen fè yon rèv ki boulvèse m' anpil. Antan m' t'ap dòmi, yon bann vye lide t'ap travay nan tèt mwen, epi mwen te fè yon vizyon ki t'ap trakase tèt mwen.
6 Mwen bay lòd pou yo fè chache tout nèg save ki nan lavil Babilòn pou yo vin ban m' esplikasyon rèv la.
7 Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.
8 Apre sa, Danyèl vini devan mwen. Yo te ba li yon lòt non dapre non bondye mwen an: Yo te rele l' Beltechaza. Li gen lespri bondye yo nan li. Mwen rakonte l' rèv mwen te fè a.
9 Mwen di l': Beltechaza, ou menm ki chèf majisyen yo, mwen konnen ou gen lespri bondye yo nan ou, kifè pa gen mistè ou pa konprann. Men sa mwen te wè nan rèv mwen te fè a. Di m' kisa li vle di:
10 Antan mwen t'ap dòmi, mwen fè yon vizyon: Mwen wè yon gwo pyebwa byen kanpe nan mitan latè.
11 Pyebwa a grandi, li grandi jouk tèt li rive nan syèl. Toupatou sou latè moun te ka wè l'.
12 Fèy li yo te bèl. Li te chaje ak donn. Te gen kont pou tout moun manje. Li te bay gwo lonbray pou bèt nan bwa yo pare solèy. Zwezo te fè nich nan tout branch li yo. Li te bay manje pou tout kalite bèt ak pou tout moun.
13 Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo.
14 Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.
15 Men, kite yon gwo chouk ak tout rasin li nan tè. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Kite l' la konsa nan mitan zèb yo. Se pou lawouze tonbe sou nonm sa a. Se pou l' manje zèb nan savann tankou bèt nan bwa.
16 Pandan sètan, li p'ap gen lespri tankou tout moun. L'ap san konprann tankou yon bèt.
17 Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!
18 Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.
19 ¶ Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.
20 Pyebwa ou te wè ki t'ap grandi, ki t'ap gwosi jouk tèt li rive nan syèl la kifè dènye moun sou latè te ka wè l' la,
21 pyebwa ki te gen fèy li yo bèl, ki te chaje donn kont pou tout moun sou latè te manje, ki te gen bèt nan bwa rete anba lonbray li ak zwezo ki te fè nich nan tout branch li yo,
22 pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.
23 Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.
24 Bon, koulye a, men sa rèv la vle di monwa. Men sa Bondye ki anwo nan syèl la di ki pral rive ou.
25 Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
26 Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè.
27 Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.
28 ¶ Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.
29 Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,
30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.
31 Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.
32 Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
33 Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l' pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l'. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwezo.
34 ¶ Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.
35 Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
36 Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m', yo mete m' wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan.
37 Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
108 ¶ (108:1) Se yon chante David. (108:2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
2 (108:3) M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!3 (108:4) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
4 (108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
5 (108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
6 ¶ (108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
7 (108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
8 (108:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
9 (108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
10 (108:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
11 (108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
12 (108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.
13 (108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
109 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
2 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.
3 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.
6 ¶ Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
7 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
9 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.
15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.
19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.
20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
21 ¶ Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.
22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.
23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.
24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.
27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.
28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.