Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
1 Wa 8

¶ Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.

Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.

Lè tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo reyini, prèt yo pran Bwat Kontra a,

yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.

Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.

Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.

Zèl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo.

Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.

Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Seyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip.

10 Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.

11 Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.

12 ¶ Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.

13 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.

14 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, li di konsa:

15 -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m', lè li te di l' konsa:

16 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.

17 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

18 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen.

19 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen.

20 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

21 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.

22 ¶ Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye,

23 li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.

24 Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m' lan. Tou sa ou te di, ou fè l' rive vre jòdi a.

25 Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la.

26 Se konsa, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, papa m', sèvitè ou la.

27 Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!

28 Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.

29 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.

30 Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.

31 Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,

32 ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la, w'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.

33 Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, Bondye, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit nan Tanp sa a,

34 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te bay zansèt yo a.

35 Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo rele non ou,

36 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche wa a ansanm ak peche pèp Izrayèl la. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou rele l' pa l' la.

37 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,

38 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou,

39 tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.

40 Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo.

41 Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini isit la poutèt ou,

42 paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,

43 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.

44 Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,

45 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo.

46 Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,

47 antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,

48 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,

49 tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo.

50 Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fè lènmi ki te depòte yo gen pitye pou yo.

51 Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè.

52 Seyè, Bondye, louvri je ou! Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la, chak fwa n'ap rele pou mande ou sekou.

53 Se ou menm ki te chwazi nou nan mitan tout lòt pèp sou latè pou nou te ka rele ou pa ou, jan ou te di l' nan bouch Moyiz, sèvitè ou la, lè ou te fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip.

54 ¶ Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.

55 Li kanpe, li mande Bondye pou l' voye benediksyon l' sou tout pèp Izrayèl la ki te sanble la a. Li pale byen fò, li di:

56 -Lwanj pou Seyè a ki bay pèp Izrayèl la kè poze, jan li te pwomèt la. Li kenbe tout bèl pwomès li te fè nan bouch Moyiz, sèvitè l' la.

57 Koulye a, mwen mande pou Seyè a, Bondye nou an, toujou kanpe la avèk nou jan li te toujou kanpe la ak zansèt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou.

58 Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.

59 Se pou Seyè a, Bondye nou an, pa janm bliye lapriyè sa yo mwen sot fè nan pye l' la. Se pou l' toujou gen pitye pou pèp Izrayèl la ansanm ak wa a, sèvitè li a, dapre sa y'a bezwen chak jou.

60 Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!

61 Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a.

62 ¶ Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a.

63 Salomon te ofri venndemil (22.000) towo ak sanvenmil (120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

64 Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo.

65 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.

66 Sou wityèm jou a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè lwanj li, y' al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tout benediksyon Seyè a te bay David, sèvitè l' la, ansanm ak pèp Izrayèl li a.

Efèz 5

¶ Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

¶ Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.

Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi.

Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa.

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n'ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.

Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.

10 Chache konnen sa k'ap fè Seyè a plezi.

11 Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

12 Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.

13 Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.

14 Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.

15 Se sa ki fè, konnen ki jan pou n' mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.

16 Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.

17 Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.

18 Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.

19 Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

20 Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

21 ¶ Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la.

22 Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a.

23 Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li.

24 Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la.

25 Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.

26 Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.

27 Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.

28 Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.

29 Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l' manje, li pran swen l', tankou Kris la ap fè sa pou legliz la

30 paske nou se manm kò li.

31 Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl.

32 Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.

33 Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Ezekyèl 38

38 ¶ Seyè a pale avè m' ankò. li di m' konsa:

-Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a.

W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.

M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.

Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.

Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon.

Di l' konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l' yo ki sanble bò kote l' pou yo tann lòd mwen yo.

Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.

L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.

10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.

11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.

12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a.

13 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?

14 ¶ Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman.

15 W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.

16 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.

17 Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m' yo, pou m' te fè yo konnen mwen gen pou m' te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

18 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'.

19 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.

20 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m'. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè.

21 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.

22 M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.

23 Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

Sòm 89

89 ¶ (89:1) Chante Etan, moun peyi Ezra. (89:2) Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.

(89:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.

(89:4) Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:

(89:5) W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.

¶ (89:6) Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.

(89:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!

(89:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.

(89:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!

(89:10) Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.

10 (89:11) Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.

11 (89:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.

12 (89:13) Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.

13 (89:14) Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.

14 (89:15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.

15 ¶ (89:16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!

16 (89:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.

17 (89:18) Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.

18 (89:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.

19 ¶ (89:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.

20 (89:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.

21 (89:22) M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.

22 (89:23) Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.

23 (89:24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.

24 (89:25) M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.

25 (89:26) M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.

26 (89:27) L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.

27 (89:28) Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.

28 (89:29) M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.

29 (89:30) M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.

30 (89:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,31 (89:32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,32 (89:33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.

33 (89:34) Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.

34 (89:35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.

35 (89:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.

36 (89:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.

37 (89:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.

38 ¶ (89:39) Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.

39 (89:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.

40 (89:41) Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.

41 (89:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.

42 (89:43) Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.

43 (89:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.

44 (89:45) Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.

45 (89:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.

46 (89:47) Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?

47 (89:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.

48 (89:49) Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?

49 (89:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?

50 (89:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!

51 (89:52) Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.

52 (89:53) Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!