M’Cheyne Bible Reading Plan
2 ¶ Lè David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l' lan, li ba li dènye volonte l'. Li di l' konsa:
2 -Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!
3 Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.
4 Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
5 Koulye a, ou konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fè m' lè li te touye de jeneral lame pèp Izrayèl la: Abnè, pitit gason Nè a, ak Amasa, pitit gason Jetè a. Ou chonje jan lè sa a pa t' gen lagè. Li touye yo pou l' te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagè. Li touye de inonsan, kifè jouk jounen jòdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fè a.
6 Ou konnen sa ou gen pou fè. Pa kite se vyeyès ki touye l'.
7 W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m' lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la.
8 Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.
9 Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l'. Jwenn yon jan pou fè yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.
10 Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.
11 Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la: Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.
12 ¶ Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.
13 Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fè m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!
14 Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?
15 Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.
16 Bon, yon sèl favè m'ap mande ou. Pa refize m' li.
17 Batcheba di l': -Pale non! Adonija reponn: -Tanpri, al mande wa Salomon pou l' ban mwen Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm mwen. Mwen konnen li p'ap refize ou sa.
18 Batcheba reponn: -Bon, dakò! m'a pale ak wa a pou ou!
19 Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe pou l' resevwa manman l'. Li bese byen ba devan l' pou di l' bonjou. Apre sa, l' al chita sou fotèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fotèy pou manman l' chita bò dwat li.
20 Batcheba di konsa: -Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m' sa. W'a reponn: -Manman, mande m' sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.
21 Batcheba di l': -Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.
22 Wa a reponn manman li, li di li: -Poukisa w'ap mande m' pou m' bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m' pou m' ba li plas wa a tou, se gran frè m' li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l'.
23 Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Seyè a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l' mande m' la a!
24 Seyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotèy David, papa m' lan. Li kenbe pwomès li, li mete m' chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou chèf apre m'. Mwen fè sèman nan non Seyè a, se pou Adonija mouri jòdi a menm.
25 Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l' al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.
26 ¶ Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l' konsa. -Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyè a devan David, papa m'. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l'.
27 Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.
28 Lè Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l'. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pa t' janm pran pozisyon pou Absalon.
29 Y' al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab.
30 Benaja ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa: -Wa a bay lòd pou ou soti la a. Joab reponn: -Non. Se isit la m'ap mouri. Benaja tounen al jwenn wa a, li rapòte l' repons Joab te ba li a.
31 Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.
32 Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.
33 Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.
34 Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezè a.
35 ¶ Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.
36 Apre sa, wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Bati yon kay pou ou isit nan lavil Jerizalèm. Se la mwen vle ou rete. Piga ou janm kite lavil la.
37 Mwen tou pale ou, jou ou soti kite lavil la, jou ou janbe lòt bò ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpòt sa ki va rive ou.
38 Chimeyi reponn: -Dakò, monwa. m'a fè sa ou di a. Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalèm.
39 Twazan apre sa, de nan esklav Chimeyi yo sove, y' al lakay Akich, pitit gason Maka a, ki te wa lavil Gat. Yo vin di Chimeyi esklav li yo te lavil Gat.
40 Chimeyi leve, li sele bourik li, l' al chache esklav li yo lakay Akich lavil Gat. Apre sa, li tounen lakay li ansanm ak esklav li yo.
41 Yo fè Salomon konnen Chimeyi te soti lavil Jerizalèm ale lavil Gat epi li tounen.
42 Wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Mwen te kwè m' te fè ou pwomèt devan Seyè a pou ou pa janm kite lavil Jerizalèm? Mwen te tou pale ou. Jou w'a soti lavil Jerizalèm pou ale nenpòt ki kote, w'ap mouri. Eske ou pa t' reponn mwen ou te dakò avè m', ou t'ap fè tou sa mwen mande ou la?
43 Poukisa atò ou pa kenbe pwomès ou te fè devan Seyè a? Poukisa ou dezobeyi m'?
44 Ou konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m'. Seyè a pral pini ou pou sa.
45 Men, l'ap beni m', mwen menm Salomon. L'ap fè gouvènman fanmi David la chita pou tout tan.
46 Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.
6 ¶ Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.
2 Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
3 Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.
4 Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.
5 Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote.
6 Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.
7 Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
8 Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
9 Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.
10 Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
11 ¶ Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'!
12 Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la.
13 Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou.
14 Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
15 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
16 Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l' ba yo kè poze, pou l' gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a.
17 Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.
18 Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
33 ¶ Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
2 -Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a.
3 Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo.
4 Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li.
5 Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri.
6 Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo.
7 Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.
8 Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
9 Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.
10 ¶ Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!
11 Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?
12 Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a.
13 Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè.
14 Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen,
15 si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv.
16 M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen.
17 Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon.
18 Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa.
19 Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa.
20 Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo!
21 ¶ Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi.
22 Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò.
23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
24 -Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou.
25 Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?
26 Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?
27 W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.
28 M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo.
29 Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
30 ¶ Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a!
31 Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
32 Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.
33 Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.
81 ¶ (81:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (81:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
2 (81:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
3 (81:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
4 (81:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!
5 (81:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:
6 (81:7 -)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
7 (81:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
8 ¶ (81:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
9 (81:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
10 (81:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
11 (81:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
12 (81:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
13 (81:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
14 (81:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.
15 (81:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.
16 (81:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
82 ¶ Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
6 ¶ Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.