M’Cheyne Bible Reading Plan
1 ¶ Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou.
2 Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li.
3 David mande l': -Kote ou soti? Nonm lan reponn: -Mwen chape kò m' soti nan kan moun Izrayèl yo.
4 David di li: -Manyè di m' sa ki pase. Nonm lan reponn: -Lame pèp Izrayèl la kouri pandan batay la te mare. Gen anpil sòlda ki mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, mouri tou.
5 David mande nonm ki te pote nouvèl la: -Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?
6 Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.
7 Lè sa a, li voye je l' gade, li wè m', epi li rele m' vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa.
8 Li mande m' ki moun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye.
9 Lè sa a, li mande m' pou m' pwoche bò kote l' pou m' touye l', paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.
10 Se konsa, mwen pwoche bò kote l', mwen touye l' paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak braslè ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.
11 ¶ David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l' yo fè menm bagay la tou.
12 Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Seyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.
13 Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la: -Ki moun ou ye? Jenn gason an reponn: -Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.
14 David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'?
15 David rele yonn nan moun li yo. Li di l' konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l' frèt.
16 David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
17 ¶ David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.
18 Li bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.
19 O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo. Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
20 Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
21 Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.
22 Jonatan pa t' janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l' yo. Sayil pa t' janm tounen toutotan li pa t' plonje nepe l' nan vant vanyan sòlda lènmi l' yo.
23 Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.
24 Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou.
25 Vanyan sòlda yo mouri nan lagè! Jonatan mouri, li blayi atè plat sou ti mòn yo!
26 Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m', se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen ankenn fanm ta ka gen pou mwen!
27 Vanyan sòlda yo mouri! Tout zam lagè yo pa vo anyen koulye a!
12 ¶ Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.
2 Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.
3 Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
4 Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
5 Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi.
6 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.
7 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.
8 Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans.
9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad.
10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.
11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
12 ¶ Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
13 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
14 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.
15 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.
16 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.
17 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant?
18 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle.
19 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.
20 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.
21 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou.
22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.
23 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa.
24 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.
25 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an.
26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
27 ¶ Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.
28 Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
29 Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak.
30 Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.
31 Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.
10 ¶ Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.
2 Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre.
3 Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan.
4 Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
5 Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.
6 Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l' te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo.
7 Yonn nan bèt vivan yo lonje men l' nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti.
8 ¶ Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.
9 Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit.
10 Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm.
11 Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t' bezwen vire.
12 Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou.
13 Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon.
14 Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini.
15 Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,
16 y'ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou.
17 Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t'ap kontwole wou yo.
18 Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo.
19 Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
20 Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.
21 Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.
22 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t'ap mache dwat devan yo.
49 ¶ (49:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (49:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
2 (49:3) gran kou piti, rich kou pòv.
3 (49:4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.
4 (49:5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.
5 (49:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?
6 ¶ (49:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
7 (49:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
8 (49:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
9 (49:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
10 (49:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
11 (49:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
12 (49:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
13 (49:14) Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.
14 (49:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
15 ¶ (49:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.
16 (49:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
17 (49:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.
18 (49:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,
19 (49:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.
20 (49:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.