M’Cheyne Bible Reading Plan
1 ¶ David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l' byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.
2 Lè sa a, moun pa l' yo di l': -Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou.
3 Yo mete chache yon bèl jenn fi nan tout peyi Izrayèl la. Yo jwenn yon jenn fi nan ti bouk Chounam lan. Li te rele Abichag. Yo mennen l' bay wa a.
4 Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l'. Men, wa a pa janm kouche avè l'.
5 ¶ Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.
6 Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
7 Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l'.
8 Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.
9 Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.
10 Men, li pa t' envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l' la.
11 ¶ Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.
12 Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.
13 Ou prale jwenn wa a, w'ap di l' konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m' sèman se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a?
14 Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou.
15 Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t'ap pran swen li.
16 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l': -Kisa ou vle?
17 Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou.
18 Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa.
19 Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan.
20 Koulye a, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fotèy la apre ou.
21 Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.
22 Batcheba pa t' ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a.
23 Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a.
24 Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou?
25 Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
26 Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan.
27 Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k'ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fotèy la nan plas ou?
28 Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.
29 Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo.
30 Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
31 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!
32 ¶ Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a,
33 wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m' yo. Fè Salomon, pitit gason m' lan, moute sou milèt pa m' lan. Nou tout va desann avè l' bò sous Giyon an.
34 Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!
35 Lèfini, n'a pran mache dèyè l', n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.
36 Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!
37 Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.
38 Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an.
39 Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
40 Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.
41 ¶ Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?
42 Li pa t' ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l' konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote!
43 Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa.
44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.
45 Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.
46 Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.
47 Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.
48 Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.
49 Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y' al fè wout yo, chak moun bò pa yo.
50 Adonija menm bò pa l' te sitèlman pè pou Salomon pa touye l', li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la.
51 Y' al di wa Salomon: -Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l', l' al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l' sèman jòdi a menm li p'ap fè yo touye l'.
52 Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t' dwe fè, l'ap mouri.
53 Salomon voye chache Adonija soti bò lotèl la. Yo fè l' desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l' konsa: -Ou mèt al lakay ou.
5 ¶ Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
2 Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
3 M'ap repete sa m' te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande.
4 Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a.
5 Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou.
6 Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
7 Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a?
8 Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki soti nan Bondye k'ap rele nou an.
9 Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pa t' la leve.
10 Men, Seyè a fè m' gen konfyans nan nou, li ban m' lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l' te ye, Bondye gen pou peni li.
11 Pou mwen menm, frè m' yo, si m' t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m' jouk koulye a? Epitou, nan ka sa a, mesaj m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pesonn okazyon bite.
12 Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa.
13 ¶ Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
14 Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
15 Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
16 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
17 Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.
18 Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
19 Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.
20 Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.
21 Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
22 Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
23 Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
24 Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
25 Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
26 Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.
32 ¶ Nan premye jou nan douzyèm mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
2 -Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.
3 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Nan mitan anpil nasyon ki va sanble bò kote ou, m'ap voye privye mwen sou ou pou m' pran ou.
4 M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou.
5 Mwen pral kouvri tout mòn ak tout fon yo ak kadav ou k'ap dekonpoze.
6 M'ap wouze tout peyi a ak san ou. M'ap vide san ou sou mòn yo, jouk ravin yo pral plen dlo kò ou.
7 Lè m'ap disparèt ou a, m'ap kouvri syèl la, m'ap bouche zetwal yo. M'ap kache solèy la dèyè nwaj yo, lalin lan p'ap klere ankò.
8 Poutèt ou, m'ap tenyen dènye limyè nan syèl la. Pral fènwa nèt sou tout latè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.
9 Anpil moun pral gen lespri yo boulvèse lè m' fè nouvèl jan ou fini an gaye nan tout nasyon yo, ata nan peyi ou menm ou pa janm konnen.
10 M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou.
11 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di wa peyi Lejip la: -Nepe wa Babilòn lan pral tonbe sou ou.
12 Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a.
13 M'ap touye tout bèt nou yo bò dlo a. p'ap rete yon grenn moun ni yon sèl bèt pou sal dlo yo ankò.
14 M'ap kite dlo yo poze, m'ap fè larivyè yo koule tou dousman. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.
15 Lè m'a fè peyi Lejip la tounen yon dezè, lè m'a devaste tout bagay nan peyi a, lè m'a touye dènye moun ki rete nan peyi a, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
16 Men chante y'a chante pou plenn sò peyi Lejip la. Medam lòt nasyon yo va chante l' lè y'ap kriye pou peyi Lejip ansanm ak tout pèp li a. Wi, se chante sa a y'a chante lè y'ap kriye pou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
17 ¶ Nan kenzyèm jou premye mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
18 -Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.
19 Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.
20 Moun peyi Lejip yo pral tonbe ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo. Gen yon nepe ki pare pou touye yo tout.
21 Sòlda ki te pi vanyan yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon ak moun peyi Lejip yo pral resevwa yo nan peyi kote mò yo ye a. Yo pral di: Moun ki pa pote mak kontra Bondye a ap mouri nan lagè, yo desann isit la. Se la yo vin kouche!
22 Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè.
23 Yo mete tonm yo anba nèt nan peyi kote mò yo ye a. Tout sòlda li yo mouri nan lagè. Tout tonm yo bò kote l'. Se yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè.
24 Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an.
25 Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo.
26 Wa peyi Mechèk la ak wa peyi Toubal la tou, ansanm avèk tonm sòlda yo bò kote yo. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè sou latè.
27 Yo p'ap fè bèl lantèman pou yo tankou pou vanyan sòlda tan lontan yo, ki te desann nan peyi kote mò yo ye a ak tout zam yo sou yo, nepe yo anba tèt yo ak plak fè pwotèj yo anwo kadav yo. Paske yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè yo sou latè.
28 Se konsa moun peyi Lejip yo pral mouri tankou moun ki pa pote mak kontra Bondye a, y'ap antere yo ansanm ak moun ki te mouri nan lagè yo.
29 Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè.
30 Tout chèf peyi nan nò yo la tou ansanm ak tout moun peyi Sidon yo. Yo te sitèlman gen fòs, yo te fè moun pè yo. Koulye a, yo desann nan twou san fon an. Yo pote wont mechanste yo anba tè a ak yo. Yo mete yo kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a, epi ki te mouri nan lagè yo.
31 Se pral yon gwo konsolasyon pou wa peyi Lejip la ansanm ak sòlda li yo, lè y'a wè tout kantite moun ki te mouri nan lagè. Se Seyè sèl Mèt la menm ki di sa.
32 Atout mwen te fè wa peyi Lejip la mache fè moun pè l' toupatou sou latè, y'ap touye l' ansanm ak tout sòlda li yo. Ni li ni sòlda li yo pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki mouri nan lagè yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
80 ¶ (80:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (80:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
2 (80:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
3 (80:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
4 (80:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
5 (80:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
6 (80:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
7 (80:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
8 ¶ (80:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
9 (80:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
10 (80:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
11 (80:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
12 (80:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
13 (80:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
14 (80:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
15 (80:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
16 (80:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
17 (80:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
18 (80:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
19 (80:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!