M’Cheyne Bible Reading Plan
Pyè retounen Jerizalèm
11 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. 2 Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif[a] yo tonbe kritike l. 3 Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”
4 Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: 5 “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. 6 Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. 7 Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!
8 Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.
9 Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje!
10 Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. 11 Epi se konsa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. 12 Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. 13 Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. 14 Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.
15 Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.[b] 16 Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”
18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.
Bòn Nouvèl la rive Antyòch
19 Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman. 20 Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo[c] Bòn nouvèl Jezikris la. 21 Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.
22 Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch. 23 Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo. 24 Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.
25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl. 26 Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.
27 Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch. 28 Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè). 29 Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a. 30 Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)
6 Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. 2 Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” 3 Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”
4 Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” 5 Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. 6 Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:1,5-15; Lik 9:1-6)
7 Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. 8 Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. 9 Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.
Ewòd pran Jezi pou Janbatis
(Mat 14:1-12; Lik 9:7-9)
14 Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”
15 Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.”
Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.”
16 Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”
Men kijan Ewòd fè koupe tèt Janbatis
17 Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l. 18 Jan t ap plede di Ewòd: “Li pa nòmal pou ou pran madanm frè w pou ou marye avè l.” 19 Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. 20 Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, konsa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.
21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. 22 Pitit fi Ewodyas la[a] al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse.
Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” 23 Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”
24 Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
25 Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”
26 Ewòd te vin tris anpil, men poutèt pwomès li te fè a, devan tout envite l yo, li pa t vle pa aksepte. 27 Imedyatman, li voye yon sòlda pou koupe tèt Jan epi pote l vini. Sòlda a ale nan prizon an, li koupe tèt Jan. 28 Yo mete l nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 29 Lè disip Jan yo tande sa k te rive a, yo vini pran kò a epi yo antere l nan yon tonm.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)
30 Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. 31 Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje.
32 Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. 33 Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se konsa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo. 34 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.
35 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 36 Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.”
37 Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye[b] pou n ta bay tout moun sa yo manje.”
38 Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!”
Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”
39 Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” 40 Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.
41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.
42 Tout moun te manje vant deboutonnen. 43 Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. 44 Antotal te gen senk mil gason ki te manje.
Jezi mache sou dlo
(Mat 14:22-33; Jan 6:16-21)
45 Tousuit apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 46 Apre Jezi te fin voye foul la ale, li monte sou mòn nan pou l priye.
47 Lannuit vin tonbe, bato a te gentan nan mitan lak la epi Jezi te atè a poukont li. 48 Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a. 49 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” 50 Yo tout te wè li, epi laperèz te anvayi yo. La menm, li pale avèk yo epi li di: “Pran kouraj, se mwen. Pa pè. 51 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi. 52 Yo pa t ka konprann vrè sans mirak senk pen an paske kè yo te fèmen.
Jezi geri anpil moun malad
(Mat 14:34-36)
53 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Yo mare bato a. 54 Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. 55 Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li. 56 Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.
Copyright © 2017 by Bible League International