Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 15 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 14

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mak 6:14-29; Lik 9:7-9)

14 Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

Men kijan Janbatis te mouri

Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.

Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. 10 Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. 11 Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 12 Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.

15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”

16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”

17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”

18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

Jezi mache sou dlo

(Mak 6:45-52; Jan 6:16-21)

22 Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 23 Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. 24 Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.

25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”

28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”

29 Jezi di li: “Vini non!”

Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”

31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”

32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”

Jezi geri anpil moun malad

(Mak 6:53-56)

34 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. 35 Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. 36 Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Error: 'Neemi 4 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 14

Pòl ak Banabas rive Ikonyòm

14 Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a. Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.

Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.

Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas aprann koze a, yo kite vil Ikonyòm. Yo lage kò yo nan vil Lis ak vil Dèb ki nan zòn Likawoni an ak kèk lòt kote nan anviwon an. Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis.

Pòl ak Banabas nan List ak Dèb

Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l. Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l. 10 Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal.

11 Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.” 12 Moun yo tonbe rele Banabas Zeyis, epi yo rele Pòl Emès, paske se sitou Pòl ki te pale. 13 Tanp kote yo te konn adore Zeyis la te toupre lavil la. Konsa, prèt tanp lan vin nan baryè lavil la avèk kèk towo bèf ansanm ak flè pou yo menm ak foul la ofri sakrifis bay Pòl ak Banabas.

14 Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo.[a] Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di: 15 Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.

16 Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo. 17 Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa.

18 Pòl ak Banabas te toujou gen anpil difikilte pou anpeche foul la ofri sakrifis ba yo, malgre tout pawòl sa yo.

19 Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri. 20 Men, lè kwayan yo vin rasanble toutotou l kote l te ye a, li leve kanpe epi l tounen antre nan vil la. Nan demen, li pati ansanm ak Banabas, y ale lavil Dèb.

Pòl ak Banabas retounen Antyòch nan Siri

21 Pòl ak Banabas preche Bòn Nouvèl la nan lavil Dèb tou, epi anpil moun te aksepte swiv Jezikris. Apre sa, yo retounen pase nan vil Lis, nan Ikonyòm ak nan vil Antyòch nan Pisidi. 22 Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.” 23 Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.

24 Lè yo fini, Pòl ak Banabas travèse tout peyi Pisidi a epi yo rive Panfili. 25 Pandan yo te la, yo preche mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nan vil Pèj epi yo desann Atali. 26 Se nan Atali yo pran batiman pou ale Antyòch nan Siri. Antyòch ki nan Siri a, se kote kwayan yo te remèt yo nan men Bondye pou yo tal fè menm travay yo sot fè a.

27 Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.” 28 Apre sa, yo pase yon bon bout tan avèk disip yo nan vil Antyòch.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International