Add parallel Print Page Options

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)

Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”

Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mat 10:1,5-15; Lik 9:1-6)

Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”

12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mat 14:1-12; Lik 9:7-9)

14 Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

15 Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.”

Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.”

16 Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”

Men kijan Ewòd fè koupe tèt Janbatis

17 Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l. 18 Jan t ap plede di Ewòd: “Li pa nòmal pou ou pran madanm frè w pou ou marye avè l.” 19 Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. 20 Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, konsa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.

21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. 22 Pitit fi Ewodyas la[a] al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse.

Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” 23 Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”

24 Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”

Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”

25 Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

26 Ewòd te vin tris anpil, men poutèt pwomès li te fè a, devan tout envite l yo, li pa t vle pa aksepte. 27 Imedyatman, li voye yon sòlda pou koupe tèt Jan epi pote l vini. Sòlda a ale nan prizon an, li koupe tèt Jan. 28 Yo mete l nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 29 Lè disip Jan yo tande sa k te rive a, yo vini pran kò a epi yo antere l nan yon tonm.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

30 Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. 31 Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje.

32 Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. 33 Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se konsa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo. 34 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.

35 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 36 Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.”

37 Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye[b] pou n ta bay tout moun sa yo manje.”

38 Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!”

Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”

39 Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” 40 Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.

41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.

42 Tout moun te manje vant deboutonnen. 43 Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. 44 Antotal te gen senk mil gason ki te manje.

Jezi mache sou dlo

(Mat 14:22-33; Jan 6:16-21)

45 Tousuit apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 46 Apre Jezi te fin voye foul la ale, li monte sou mòn nan pou l priye.

47 Lannuit vin tonbe, bato a te gentan nan mitan lak la epi Jezi te atè a poukont li. 48 Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a. 49 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” 50 Yo tout te wè li, epi laperèz te anvayi yo. La menm, li pale avèk yo epi li di: “Pran kouraj, se mwen. Pa pè. 51 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi. 52 Yo pa t ka konprann vrè sans mirak senk pen an paske kè yo te fèmen.

Jezi geri anpil moun malad

(Mat 14:34-36)

53 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Yo mare bato a. 54 Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. 55 Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li. 56 Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mat 15:1-20)

Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi. Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. Paske Farizyen yo ak tout lòt Jwif yo pa janm manje san yo pa lave men yo. Yo fè sa pou yo ka swiv koutim granmoun lontan yo. Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.[c]

Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”

Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.[d]

Nou mete kòmandman Bondye a kote epi n ap kenbe tradisyon lòm.”

Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo? 10 Moyiz di: Onore papa nou ak manman nou.[e] Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.[f] 11 Men nou menm nou di: lè yon moun di papa l oswa manman l: mwen pa ka ede w paske mwen konsakre tout afè m bay Bondye. 12 Konsa nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp la. 13 Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.”

14 Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. 15 Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” 16 [g]

17 Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. 18 Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? 19 Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye).

20 Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 21 Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, 22 adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. 23 Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mat 15:21-28)

24 Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. 25 Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. 26 Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.

27 Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.”

28 Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”

29 Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.”

30 Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti.

Jezi geri you moun soud

31 Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. 32 Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan.

33 Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. 34 Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri). 35 Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm.

36 Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. 37 Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

Footnotes

  1. 6:22 Pitit fi Ewodyas la Kèk kopi nan lang Grèk genyen “pitit fi li a Ewodyas”.
  2. 6:37 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay.
  3. 7:4 veso an kuiv Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “ak kanape”.
  4. 7:6-7 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:13.
  5. 7:10 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12; Det 5:16.
  6. 7:10 Sitasyon sa a soti nan Egz 21:17.
  7. 7:16 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 16 la: “Ou menm k ap koute, tande!”