Add parallel Print Page Options

Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a

Anvan tout bagay te kòmanse,
    Pawòl[a] la te la.
Li te avèk Bondye
    epi Pawòl la se te Bondye menm.
Li te avèk Bondye
    nan kòmansman.
Se ak li menm tout bagay te kreye;
    pa te gen anyen ki te kreye san li.
Se nan limenm lavi te ye,
    epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
Limyè[b] a klere nan fènwa,
    men fòs fènwa pa kapab gen viktwa[c] sou li.

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.

10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
    se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
    Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
    men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
    epi ki kwè nan li,
    li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
    men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
    men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
    epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
    yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
    epi li montre nou tout verite Bondye a.

15 Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”

16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou,
    nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.
17 Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz,
    men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.
18 Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a.
    Men, se sèl Pitit Bondye
a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a,
    se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.[d]

Jan rann temwanyaj pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17)

19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”[e]

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[f] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”[g]

24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”

26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”

28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.

Jezi, mouton Bondye a

29 Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30 Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31 Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”

32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”[h]

Premye disip Jezi yo

35 Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36 Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton[i] Bondye a!”

37 Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”

Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”

39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se konsa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.

40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).

42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”[j] (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)

43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”

46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”

47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”[k]

48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”

Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”

49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”

50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann[l] sou Pitit Lòm nan.”

Maryaj nan ti vil Kana

Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. Pandan fèt la, diven an vin fini. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”

Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”

Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”

Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[m] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[n]

Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.

Lè l fini, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”

Yo te fè sa l te di yo fè a. Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”

11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.

12 Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-13; Mak 11:15-17; Lik 19:45-46)

13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, konsa Jezi t al Jerizalèm. 14 Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. 15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. 16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”

17 Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la:

“Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”[o]

18 Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”

19 Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”

20 Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!”

21 Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. 22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.

23 Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. 24 Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. 25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.

Footnotes

  1. 1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Yo kapab tradui l “mesaj”. Nan plas sa a, yo itilize l kòm yon non pou Jezi, ki se fason Bondye chwazi pale ak lemonn epi pale sou lanmou li pou tout moun. Se menm bagay nan vèsè 10, 14, 16.
  2. 1:5 Limyè Se Kris la, se Pawòl la ki pote konprann sou Bondye. Gade nan v. 7 la tou.
  3. 1:5 gen viktwa Nou kapab tradui “Pote viktwa sou li” oubyen “konprann li”.
  4. 1:18 Men, se sèl … Papa a ye Oubyen yon fason pi literal, “Sèl Pitit la, Bondye, ki nan yon relasyon sere sere ak Papa a, li menm montre nou sa l sanble.” Kèk lòt kopi grèk di: “Sèl Pitit gason an ki trè pwòch ak Papa a se li montre nou sa l sanble.”
  5. 1:20 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  6. 1:21 pwofèt Li pwobab se pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-18.
  7. 1:23 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.
  8. 1:34 Nonm sa se Pitit Bondye Kèk nan kopi Grèk ki ansyen anpil, yo genyen “Se li ki moun Bondye chwazi a.”
  9. 1:36 mouton Yon non senbolik pou Jezikris. Li vle di Jezi se te yon ofrann pou peche menm jan ak ti mouton yo te konn bay Bondye pou sakrifis nan Ansyen Testaman an.
  10. 1:42 Sefas Nan lang grèk la se menm bagay ak lang Arameyen an, li vle di “Wòch”.
  11. 1:47 konfyans Literalman, “yon moun ki pa gen twou nan manch.” Nan Ansyen Testaman an, lòt non Izrayèl se te Jakòb kite vle di “Mèt dam”. Se repitasyon sa a li te genyen. Gade nan Jen 27:35, 36.
  12. 1:51 Sitasyon sa a soti nan Jen 28:12. Se yon pati nan istwa yon rèv Jakòb te fè, lè l te wè yon nechèl soti nan syèl rive sou latè epi anj ap monte desann sou li. Gade nan Jen 28:11-17.
  13. 2:6 seremoni pirifikasyon Jwif yo te genyen yon bann prensip nan relijyon yo pou fè seremoni pirifikasyon avèk dlo anvan yo manje, anvan yo adore nan tanp lan ak yon bann lòt okazyon espesyal. Gade tou nan chapit 3:25.
  14. 2:6 20 pou rive 30 galon konsa Literalman, “2 oubyen 3 metretas”, anviwon 80 a 120 lit konsa.
  15. 2:17 Sitasyon sa a soti nan Sòm 69:9.