Matye 8-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri yon nonm malad
(Mak 1:40-45; Lik 5:12-16)
8 Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li. 2 Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”
3 Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri. 4 Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w,[a] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”
Jezi geri sèvitè yon Ofisye
(Lik 7:1-10; Jan 4:43-54)
5 Lè Jezi antre nan vil Kapènawòm, yon ofisye women te pwoche bò kote li pou mande l èd. 6 Ofisye a di: “Senyè, mwen gen yon sèvitè ki kouche malad lakay mwen. Li paralize, epi l ap soufri anpil.”
7 Jezi di ofisye a: “Mwen pral avè w. Mwen pral geri l.”
8 Lè sa a, ofisye a reponn li: “Senyè, m pa diy pou w antre lakay mwen. Sèlman, di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. 9 Mwen menm tou, m anba otorite yon lòt moun, epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”
10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.” 11 M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la. 12 Poutan gen anpil lòt ki ta dwe fè pati wayòm nan, y ap jete yo deyò nan tenèb fènwa, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.”
13 Epi Jezi di ofisye women an: “Ou mèt al lakay ou! Tout bagay ap rive jan w kwè l la.” Nan menm lè sa a sèvitè a te geri.
Jezi geri anpil moun
(Mak 1:29-34; Lik 4:38-41)
14 Lè Jezi rive lakay Pyè, li wè bèlmè Pyè kouche ap kuit anba yon lafyèv. 15 Jezi touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve pou l sèvi Jezi manje.
16 Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo. 17 Konsa, Jezi fè sa pawòl pwofèt Ezayi a te di:
“Li ranmase tout sa ki t ap fè nou soufri mete sou do l,
li geri tout maladi nou yo.”(A)
Swiv Jezi
(Lik 9:57-62)
18 Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. 19 Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”
20 Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
21 Apre sa, youn nan disip yo di: “Mèt, m ap swiv ou, men pèmèt mwen al antere papa m anvan.”
22 Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”
Jezi kalme yon tanpèt
(Mak 4:35-41; Lik 8:22-25)
23 Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. 24 Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. 25 Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”
26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.
27 Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”
Jezi chase demon sou de mesye
(Mak 5:1-20; Lik 8:26-39)
28 Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen[b] yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò. 29 Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”
30 Nan menm zòn nan, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Demon yo priye Jezi an gras, yo di li: “Si ou ap chase nou, tanpri pèmèt nou ale sou bann kochon sa yo.”
32 Jezi di yo: “Nou mèt ale!” Konsa, demon yo te sòti sou mesye yo, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo tout mouri nwaye. 33 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri. Yo antre nan vil la, epi yo rakonte tout sa k te pase kochon yo ak mesye ki te gen move lespri yo. 34 Tout vil la debake pou y al kontre Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l tanpri souple pou l kite zòn nan.
Jezi geri yon nonm paralize
(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)
9 Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.[c] 2 Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
3 Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[d]
4 Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? 5 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? 6 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
7 Nonm nan leve, l ale lakay li. 8 Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.
Jezi rele Matye pou vin swiv li
(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)
9 Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
10 Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11 Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”
12 Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13 Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.(B) Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mak 2:18-22; Lik 5:33-39)
14 Apre sa disip Jan yo te pwoche bò kote Jezi epi yo di l: “Nou menm ak Farizyen toujou fè jèn, poukisa disip ou yo pa janm fè jèn?”
15 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
16 Pèsòn p ap pran yon moso twal nèf pou l fè pyès mete nan yon vès ki ize. Moso twal nèf la ap rale twal ize a epi twou a ap vin pi mal. 17 Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik.[e] Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)
18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”
19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.
20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”
22 Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.
23 Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik fin èb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24 Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25 Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26 Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.
Jezi fè twa lòt gerizon
27 Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”
28 Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”
29 Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” 30 La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” 31 Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan.
32 Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. 33 Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.”
34 Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”
Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la
35 Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. 36 Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. 37 Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. 38 Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)
10 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. 2 Men non douz apot yo:
An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)
epi frè li ki rele Andre,
Jak pitit Zebede
ansanm ak frè li Jan,
3 Filip ak Batèlmi,
Toma ak Matye,
pèseptè kontribisyon an,
Jak pitit Alfe ak Tade,
4 Simon, zelòt la ak
Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.
5 Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. 6 Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. 7 Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. 8 Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. 9 Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10 Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.
11 Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12 Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[f]
Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil
(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)
16 Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17 Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.
21 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.
24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[g] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Lik 12:2-7)
26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27 Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.
28 Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè. 29 Gen zwazo ki tèlman piti, ou ka vann yon pè pou yon ti kòb ki pa itil anyen. Poutan pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki ka tonbe atè san pèmisyon Papa a. 30 Bondye konte menm ata konbyen pye cheve ki nan tèt ou. 31 Ou pa bezwen pè, paske ou gen plis valè pase anpil ti zwazo.
Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w
(Lik 12:8-9)
32 Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen. 33 Men nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di li pa rekonèt mwen, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: mwen pa rekonèt li non plis.
Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm
(Lik 12:51-53; 14:26-27)
34 Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35 Mwen vini pou m
mete dozado papa ak pitit gason l,
manman ak pitit fi l,
bèlmè ak bèlfi l.
36 Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.[h]
37 Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38 Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39 Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.
Bondye ap beni moun ki byen resevwa w
(Mak 9:41)
40 Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41 Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42 Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”
Janbatis voye poze Jezi yon kesyon
(Lik 7:18-35)
11 Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye.
2 Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. 3 Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”
4 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: 5 Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 6 Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”
7 Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 8 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. 9 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:
Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.(C)
11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. 12 Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l. 13 Depi anvan Jan vini, lalwa Moyiz la ak tout pwofèt yo te gen tan pale sou tout sa ki konsène wayòm nan. 14 Konsa nenpòt moun ki kwè sa yo te di a ap dakò Jan se Eli[i] ki te gen pou vini an. 15 Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
16 Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun.
17 Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou,
ou pa danse.
Nou chante chan fin eray pou ou,
ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.
18 Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Lik 10:13-15)
20 Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. 21 Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[j] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 22 M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.[k]
23 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. 24 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.”
Yon mo konsolasyon
(Lik 10:21-22)
25 Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. 26 Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.
27 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
28 Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. 29 Aksepte nouvo prensip lavi[l] m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. 30 Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”
Jezi se mèt jou repo a
(Mak 2:23-28; Lik 6:1-5)
12 Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. 2 Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou repo a.”
3 Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4 Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. 5 Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou repo prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou repo a? Poutan yo pa koupab. 6 Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. 7 Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.(D) Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.
8 Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mak 3:1-6; Lik 6:6-11)
9 Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. 10 Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”
11 Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ki p ap rale l met deyò? 12 Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou repo a.”
13 Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14 Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Jezi se moun Bondye chwazi a
15 Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la. 16 Men Jezi pale avèk yo pou yo pa di ki moun Jezi ye. 17 Tout sa pase kon sa pou konfime pwofesi pwofèt Ezayi a:
18 “Men sèvitè mwen an,
moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen anpil la,
moun ki fè kè m kontan anpil la.
M ap ranpli l ak Sentespri m.
Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.
19 Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò,
li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.
20 Li p ap kraze menm yon pye zèb.
Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21 Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”(E)
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)
22 Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. 23 Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”
24 Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan[m] ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”
25 Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 26 Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? 27 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 28 Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. 29 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. 30 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.
31 Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. 32 Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Lik 6:43-45)
33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35 Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. 36 Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37 Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)
38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”
39 Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[n] la. 40 Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. 41 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.
42 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[o] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”
Danje lè w rete vid
(Lik 11:24-26)
43 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, 44 li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. 45 Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mak 3:31-35; Lik 8:19-21)
46 Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l. 47 Yon moun vin di Jezi: “Men manman w ak frè w yo ap mande pou ou deyò a. Yo vle pale avè w.”
48 Jezi reponn li: “Ki lès ki manman m? Ki lès ki frè m?” 49 Apre sa, li lonje dwèt sou disip li yo epi li di: “Men manman m ak frè m? 50 Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”
Footnotes
- 8:4 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13–14.
- 8:28 Gadarenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Jerazenyen”, kèk lòt ankò genyen “Jegazenyen”.
- 9:1 lakay li Pa vle di Jezi te gen yon kay. Li vle di Jezi te retounen Kapènawòm (Mak 2:1).
- 9:3 blasfèm Pale mal sou Bondye. Nan kontèks sa a li vle di Jezi ap pran pòz Bondye paske se Bondye sèl ki gen dwa pou padone peche.
- 9:17 barik Barik yo te fèt ak po bèt. Si po bèt la frèch epi diven an nouvo y ap vyeyi ansanm. Men si po bèt la ansyen epi diven an nouvo, l ap pete epi ni barik ni diven ap pèdi.
- 10:15 Sodòm ak Gomò Se 2 vil nan Ansyen Testaman ki te repite anpil poutèt mechanste ak imoralite yo. Bondye te detwi yo ak dife depi nan tan Abraram. Gade nan Jen 19.
- 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.
- 10:35-36 Gade nan Mi 7:6.
- 11:14 Eli Gade nan Mal 4:5-6.
- 11:21 Korazen, Bètsayida Se te de vil Jwif toupre lanmè Galile a kote Jezi te fè anpil irak pou montre otorite l se nan Bondye l soti. Malgre sa, moun yo te refize chanje lavi yo t ap mennen, yon lavi ki pa gen anyen pou wè a Bondye.
- 11:22 Tir ak Sidon Vil sa yo te plen moun k ap adore idòl. Epi tout moun te konnen yo pou jan te gen move bagay ki t ap pase nan yo.
- 11:29 Aksepte nouvo prensip lavi Sa nou tradui nouvo prensip lavi a se anreyalite mo “jouk”. Jouk se moso bwa yon mete sou kou 2 oswa plizyè bèt k ap rale charyo oswa k ap laboure tè. Konsa bèt sa yo oblije toujou pran menm direksyon.
- 12:24 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.
- 12:39 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye.
- 12:42 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.
Copyright © 2017 by Bible League International