Add parallel Print Page Options

12 Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13 Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14 Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15 Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16 Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17 Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen.

Read full chapter