Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
82 ¶ Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
6 ¶ Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.
12 Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
13 Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.
14 Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.
15 Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo.
16 Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.
3 ¶ Nou menm pèp Izrayèl, tande mesaj Seyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè soti kite peyi Lejip la.
2 Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
3 Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?
4 Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?
5 Ou janm wè yon zwezo desann atè vin pran nan pèlen si yo pa mete manje nan pèlen an anvan? Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l'?
6 Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz?
7 Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.
8 Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?
16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.
18 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.
19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.
20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.