Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 107:1-9

107 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.

Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.

Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.

Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.

Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.

Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

Sòm 107:43

43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!

Oze 9

¶ Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.

Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm.

Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.

Lè sa a, yo p'ap ka ofri diven bay Seyè a, ni yo p'ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l' plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p'ap ka pran ladan l' pou ofri bay Seyè a nan tanp li a.

Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive?

Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.

¶ Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.

Bondye voye m' tankou yon pwofèt pou m' avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m' pase, yo pare pèlen pou yo pran m' tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m'.

Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l' lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l'a pini yo pou tout peche yo fè.

10 Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.

11 ¶ Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent.

12 Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo.

13 Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen.

14 Seyè! Kisa m' ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete?

15 Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.

16 Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p'ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m'ap touye pitit yo pi renmen yo.

17 Bondye m'ap sèvi a ap voye yo jete, paske yo pa t' koute li. Yo pral mache pwomennen san rete nan mitan nasyon yo.

Efèz 4:17-24

17 ¶ Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.

18 Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.

19 Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.

20 Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,

21 si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l' ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.

22 Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou.

23 Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.

24 Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.