Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Samyèl 1:4-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 2:1-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 10:11-14

11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. 12 Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. 13 Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.[a] 14 Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.

Ebre 10:15-18

15 Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:

16 “Letènèl di se pwomès sa a[a] m ap fè
    avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
    M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”[b]

17 Apre sa, li di:

“M ap pase yon trè sou peche yo.
    M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”[c]

18 Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.

Ebre 10:19-25

Pwoche bò kote Bondye

19 Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. 20 Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. 21 Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. 22 Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. 23 An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.

An nou motive youn lòt

24 An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. 25 An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.

Mak 13:1-8

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)

13 Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”

Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”

Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,[a] y ap rive twonpe anpil moun konsa. Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International