Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 18:20-30' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Rit 2:15-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 12:17-21

17 Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. 18 Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib. 19 An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”[a] 20 Men,

“si lènmi w yo grangou,
    ba yo manje.
Si yo swaf,
    ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
    w ap sanble sou tèt yo.”[b]

21 Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.

Women 13:8-10

Renmen pwochen w, se sa ki lalwa

Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”[a] Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen[b] w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”[c] 10 Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International