Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
127 ¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
2 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.
5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.
11 Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.
12 Se pou pitit Seyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè onè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l' pou fanmi l'.
13 ¶ Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Seyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason.
14 Medam lavil yo di Naomi konsa: -Lwanj pou Seyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l' nan peyi Izrayèl la.
15 Bèlfi ou la gen tan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Koulye a, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.
16 Naomi pran ti bebe a, li kenbe l' lakay li, li pran swen li tankou pitit li.
17 Medam yo ki rete nan vwazinaj la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Naomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.
15 ¶ Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.
16 Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri.
17 Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon.
18 Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.
19 Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.
20 Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.
21 Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.
22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
23 ¶ Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.
24 Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.