Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
127 ¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
2 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.
5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.
4 ¶ Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
2 Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita,
3 li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an.
4 Mwen kwè se devwa m' pou m' fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di l' devan dis mesye chèf yo ki chita la a, paske se ou menm an premye lalwa rekonèt dwa sa a. Konsa tou, si ou pa vle, ou mèt di l', paske apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di l': -M'ap achte l'.
5 Lè sa a Bòz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, vèv pitit Elimelèk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pèdi, epi pou tè a ka rete nan fanmi defen an tou.
6 Lè sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l' ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.
7 Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.
8 Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bòz.
9 ¶ Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.
10 An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.
6 ¶ Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.
7 Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.
8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
9 Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.
10 Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
11 Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.